Bousol • 4mula

ADDED BY TIREZYAS (JAN 15, 2016 AT 6:33 PM) 18,113 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2016

[Intro]
Tout sa mwen genyen
Tout kò mwen, tout nanm mwen
Tout vi mwen, tout zantray mwen nan men'w baby
Ou se bousol lavi mwen

[Verse 1]
Cheri vini pou'm esplike w
Kijanm santi'm lem bò kótew
Kijan chalè lanmou w anvayi kem le wap touche mwen
Ou fe tout andanm frisonen
Fe mwen pedi tout tet an mwen
Mwen paka kenbe, m dekontwole
Se ou mwen vle baby
Mwen vle ba ou tout sa w mande
Pou ou ke m ap bat san rete
Map toujou la pou m siye dlo nan jéw si ou vle
Mwen se decision destiné
Pou w wè se chak jou map revé
Ou menm avek mwen pou l'éternite
Oh baby...

[Hook]
Tout sa mwen genyen
Tout kò mwen, tout nanm mwen
Tout vi mwen, tout zantray mwen nan men'w baby
Ou se bousol lavi mwen
Tout sa mwen bezwen
Tout sa pou chofé kè mwen
Chouchoté an mwen nan men w baby
Se ou ki bousol lavi mwen

[Verse 2]
Wi mwen vlé
Menm si fo m défie lucifè
Pou mwen ka sove w nan lanfè
Depi m avew doudou fo w jwen bonè
Men kounya cheri mwen pa we mwen san ou
Mwen vle fè lavi m avek ou
Mwen pwomet ajenou
Paské map fou pou ou doudou

[Hook]
Tout sa mwen genyen
Tout kò mwen, tout nanm mwen
Tout vi mwen, tout zantray mwen nan men'w baby
Ou se bousol lavi mwen
Tout sa mwen bezwen
Tout sa pou chofé kè mwen
Chouchoté an mwen nan men w baby
Cheri banm direksyon

[Solo]
Maestro ooo, mete kompa sou yo
Cheri ban'm direskyon
...
Fanatic yo!!
Mezanmi mwen pa kon kote'm prale
Cheri mwen pa pè, ou kap dirijem
Chalè monté, mwen paka kenbé
Ou kontwole m ... kote'm prale
Mezanmi gade m, de jem mare
Cheri mwen pa pè ou kap dirijem
Cheri banm direskyon

[Solo]
This is 4mula, my baby, yeah
Mete kompa sou yo
Cheri banm direskyson
...
Mezanmi mwen pa kon kote'm prale
Cheri mwen pa pè, ou kap dirijem
Chalè monté, mwen paka kenbé
Dekontwole ... kote'm prale
Se ou kap dirijem baby
Koté, koté, koté m prale
Jude Delousche met kompa pou yo

[Guitar solo & outro]
Tout sa mwen genyen
Tout sa mwen bezwen
Tout sa mwen genyen