Ka M' Tris • Young Master

ADDED BY STEEVEELREYBEATZ (APR 12, 2017 AT 1:48 PM) 12,650 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Lyrics by: Young Master

[Intro]
Yeah! An an! This is Young-master mizik.(okay). Team92 for ever (Pou lavi).
Ka'm tris (okay)
DMG. Djysad money Gang...

[Verse1]
Ka'm tris!

Pandan setan mwen kwè nan Kris.
Souvan m'ap di'l ka'm tris.
M'pajanm jwen anyen plis.
M'teka jwen kredi domaj mdwe ka'm tris.
Tout sa'm fe pou'm peye'l, mpaka jwen anyen plis.
Dim non! Eske soutè a mpanan lis pitit ou.
Poujan dlo mizè anvayi'm lipreske banm rakou. (Ragou)
Pou'm pran sant li fom pase nan gran lakou.
Mezanmi jiskilè Pou mwen sa ap bout.
Tout zanmi kiteka ede'm men konnya yogen fwaye.
Tout sa'm manyen pabon Pou mwen.
E'm pakwè'm nan bon chemen.
Nan je tout zanmi'm m'ap mennen.
Enan lespri'm m'ap trennen.
Pou enpo la mizè semwenk peye plis taks.
Pou efò m'fè se atò' mwen pi raz.
Mpatakwe Pou pitit mwen sa ap rete kom yon eritaj.
Vle pa vle m'ap konstwi Pou yo bel etaj.
Pou demen nan vi a Pou yo ka rete sou bon rayyy.(yeah)..

[Refren]
(Pou efò ke'm konnen'm fe
Ka'm tris
Se atò mwen nan mizè
Ka'm tris
Vi sou tè sa son lanfè. Oooooooooooooo)

Bridge.. Yeah mrete kwè sepa selman ka pa'm ki tris
Oumenm k'ap koute track sa ka pa'w pi tris ke mwen.
Domaj mpakonnen mpap janm kapab opine de anyen. This is Young-master mizik

[Verse 2]
Mwen still poze'm m'ap tann dlo delivrans mwen.
Kika mete'm nan bon chemen sou pant mwen.
Pou sepa moun m'ap mande grenn degouden men.
Mkonnen nan via sa pouw viv fok ougen Brenn.
Pou'w viv fow lite lite, jistan souf ou koupe.
Obstak kafe'w kilbite,siw gen lafwa WAP kanpe.
Sase pawol gran liye fò'n pot atansyon pou'n tande'l.
Tout sa ki gran yo nou tout voye yo sou kote.
Esak enpotan yo nou pajanm apresye.
Saki nan bezwen nou pajanm pataje.
Mpap okipe nou ak fos mwen m'ap vanse.
Sevre bagay yo pabon Pou mwen men! Mpap fe lachte.
Mwen envesti nan komes lavi a pagen moun kivin achte.
Pou m'al lekol senan traka, e'm pagen moun pou'm mande.
Ka'm Tris! Gen anpil bagay pou'm tapale.
Men pozisyon'm nan vi a fem rete bouch pe..(yeah!!!)

[Refren]
(Pou efò ke'm konnen'm fe
Ka'm tris
Se atò mwen nan mizè
Ka'm tris
Vi sou tè sa son lanfè. Oooooooooooooo)

[Bridge]
(Pou efò ke'm konnen'm fe
Se atò mwen nan mizè
Vi sou tè sa son lanfè. Oooooooooooooo)

(Pou efò ke'm konnen'm fe
Ka'm tris
Se atò mwen nan mizè
Ka'm tris
Vi sou tè sa son lanfè. Oooooooooooooo)