Pou Ou Manman • Izolan

ADDED BY JESS24 (APR 6, 2016 AT 11:14 PM) 26,366 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Featuring: Costy Jay
Lyrics by: Izolan

Jodya m fè mizik sa se pou tout manman yo
Mwen pèdi pa m nan
Men m swete tout moun manman yo ap viv, se pou yo kenbe yo fò
Jodya m kontan, m pa kontan paske manman m mouri non
M kontan paske se mwen menm ki pral antere manman m
Paske gen anpil manman se yo menm ki antere pitit yo

Manman pou sakrifis ou te fè pou mwen
Lapri mouye w solèy seche w
Gad kijan ou ale, ou ale
Oh manman m pa gentan menm rekonpanse w
Mwen santi lavi m toumante
Gad kijan ou ale, ou ale oh manman

[Verse 1]
On moun ki pèdi manman l ou wè kòman l frape fò
E ou menm ki gen manman, ou sipoze kenbe l fò
Mezanmi m pap ba n manti, manman pa m se te on rekò
Menm lè li te malerèz avè m li fè tout jefò
Li konn bwase nan mache nan nwit pou l te banm manje
E lè on moun fè mwen fache sou ou l al mande anraje
Menm mwen menm mwen te konn di manman m se te on sitirèz
Men jodia a li pa la, mwen santi mwen nan perèz
Mwen santi m fèb fèb fèb, gen de bagay m pap fè ankò
Manman m se te defansè m tout sa m te fè l toujou dakò
Jodya m ap rap pou li, li pa la Bondye domaj
M garati tout tan m ap viv lavi m pou li s’on omaj

[Refren]

[Verse 2]
Nan bon tan kou move tan, li te toujou la pou mwen
Li pat janm banm move jan, li te toujou konn pran swen mwen
Gad jodya map soufri m ap pleyen devan lemond
Se paske m konnen ke m te gen youn nan meyè manman au monde
Pou kouraj detèminasyon, manman ap rete nan listwa
Si kounya m pèdi pa m nan, lòt yo m ap toujou ba n lespwa
Fòk nou tout mete ansanm pou nou onore manman
Pa gen moun ki sou late ki pa konn doulè manman

[Bridge]
Mèsi pou tout sa w fè pou mwen
Mèsi pou lavi ou ban mwen
Wap toujou rete nan kè mwen
Wap toujou rete

[Refren]