6e E • Andy Ardy Prioly Shill

ADDED BY JAMESWISTPIERRE (SEP 17, 2015 AT 6:57 PM) 16,886 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: SSTOP
Year: 2015
Featuring: Andy
Produced by: Darc_Beatz
Lyrics by: HipHopEkilib

Règleman Afè Popilè - Pawòl sizyèm E

[Premye kouplè - Wedly]
Lavi pèp la
Pa koulè braslè l
Yo fè l konnen fò l bras lè l
Fin vote pou chanjman
L reyalize l te jis yon pasrèl
Enpoze l ti simòn
Pandan vòt li montre se pa swè l
Fò l bwè dlo santi
Yo bouche nen l
Apre kite l
Nan grate santi
Pou pran pòz ede l
Ak program ede pèp de diyite l yo deposede l
Nou wè s on
Rezo dilè dwòg, kidnapè , yon bann ilegal
Nan kòkòday ak blan k monte yon rejim bandi legal
Yo di se 25 an
Ki ban nou grenn senk lan
Poutan nan tout syek lan
Nou fout pran menm kout bèk lan
S on pouvwa
K abiye kò lide l ak vès divalye
Pou l makiyel
L woze djòl li ak yon leta festivalye
Pandan l ap kale kò l
Timoun pa ka al lekòl
Poutan li kare kò l
Li livre Karakol
Se pou boujwa l ap piye sou chwa nou l apiye
Pa bliye frap li ye
l pap pèdi alye
pa pliye pa pè di sa l ye

[Refren - Koral]
Bwose danw
Avan w di viktwa pou pèp la
Pouvwa pèp la
Dwe Enterè pèp la
Tout moun konen nan pwogram ou pa gen E sa
Menm lè n grangou pa bliye n gen bisuit leta
(2 fwa)

[Dezyèm Kouplè - Prioly]
Se pil mannigèt ki fèt pou yo met woz sou desen nou
Si manmi pran kanè l frèt pa vin fè n kwè se desten l tou
Nou sou kont etranje, kounya gonw pakèt E k' ranje
Yo deranje n ak mo, politik pou pèp sonw bagay etranj vre
Yo fè kò sou nou, lè n revandike trete n kou bèt
Epi yo fè kòb pa nou tounen papye devan biyè vèt
Kounya y ap di n se devwa nou, nou pa dwe janm sede vwa nou
Men konbyen bilten vòt ki pou ta fè tande vwa nou
Sandout, pou vwa n ou pa tap janm pran pouvwa
Ou bann wout plis ke de vwa pou w kondi n pi vit nan fènwa
Pèp bouke pran konsèy nan men nèg kape fè pati mache
Lè leta nye eta n ye nan lari endinyasyon n ap make...

[Twazyèm kouplè - Sully]
Si chak 5 pandan 25 se menm chanson an nan zòrèy nou.
Kòman w vle n chanje kanson si yo koupe tèt tayè n.
Se menm grenn 5 ak men likid yo k toujou bwè n san kite gout.
Kès pèp la tounen koton! non ti simòn li pat yon sous.
Kon di Guerchang, fè Leta n, pa met espwa n sou Leta lòt.
Sa k chita la p ap pran ka n paske son Leta petadò.
Si n wete V n mete R nan bilboard yo, n ap wè y ap ranse.
Chak eleksyon sou tout bò l voye pye l, tèt pèp k al panse.
Si ou te twonpe n se paske ou te tante n.
Fwa sa nou p ap tande w paske n pa chita sou tande n.
Nou p ap pran fòm-plat pyès pati k vin niche bòl.
Eleksyon, presyon se 2 mo k rasi san sèl. San sèl!

[Refren]

[Katriyèm kouplè - Ardy]
Vini! Vini!
Ayiti louvri pou biznis
Patant se po tèt kale
Si w ti wouj se gagòt ale
Pou fayit se Lamothe k ale
Pou bay plas ak eleksyon Seleksyon Ton Sam antrenè
Opozisyon an pèdi tèt li
Si l tap chache se pou tèt li
Tout pwojè m pa wè enterè
Desalin pran kout pitit
Gen sa k site non l pou tit
Sa k t ap chache popilè
Ak fo batistè popilè
Fè tout machandaj politik
Pou n al make dwèt nou
Avèk san eleksyon
Yo mèt fè 100 eleksyon
Okenn rat do kale
Pap ka monte pye lavi nou
Pye lavni nou
Di dread la pou l kale tèt li
Verite sa pa bon bò a
N pap pran menm kou tonton nò a

[Refren]

[Senkyèm kouplè: - Andy]
Apre chak tranpe dwèt
Malere kwè l bay lavi l vwal
Li met chat siveye mantèg
Apre se yo menm k ap fann fwa l
Paske grangou t ap fann fwa l
Li pran lari l al vann vwa l
Lè l deside leve vwa l
Yo voye lapolis fann fwa l
Sou tèt mòn jalouzi mizè l pentire sou fòm kay
Li te nan pot blòk pou Oasis kounya l nan mawon pou fèm kay
Puiske nou tout tèt kale memwa n ap grandi san cheve
Nou n pito dread
Pap an afè ak peny ti dan
Yon pil fatra chak kafou nou fout lèd pase peny ti dan
Sa k ap di dlo ak sèl pa leman
Plis pase 3000 bouch louvri pou dlo fre nan on sèl paleman
Wa di se lwa ki sele yo
Pa vote lwa ki serye
Yo ban nou bandi KP kape fin andikape nou
Chak fwa yo fè opozisyon se pou yo jwi gwo pozisyon
Yo ban nou dandi apre pou nou pa bondi kanpe
Si kiyè yo manje ka plim
Konsyans pèp la tou pa K-Plim

[Refren]

[Outro - Wedly]
Pa gen okenn chèf
Pyès wa
Kras prezidan
Ki pou n fè n kwè yo pral fè mirak ankò
Se nou menm
Nou menm pèp la
Ki pou pran manch gouvènay la nan men nou

#JamesWist