Pouki • PIC

ADDED BY SAPAFOUTGADEW (DEC 22, 2015 AT 2:52 AM) 20,147 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Le Map Ekri Mixtape
Year: 2015
Produced by: FredHype
Lyrics by: ChefTize

[Intro]
Lakay pa nou venezuela pral entèvnu sou kriz imigrasyon ki gen ant repiblik D'Ayiti ak Repiblik Dominiken nan..

Il y aura de violente manifestation de l'instabilité politique, économique et sociale de l'insécurité a travers les rues sont tant autre que prédiction et l'analyse des plus avisés . (yeah)
Ceci n'est pas une prophetie, mais une éventualité des choses, une conséquence de la crise politique actuelle.

[Verse 1]
Tout ayisyen pè pale de nasyonalite
Lot la pap pè riske vil depi se pou nasionalite
Nous avons q'une envie mettre nos salles pieds dans l'airport
Depuis nous sommes en vie nan figi nou yap klake des portes
Yo pa gen konpasyon pou nou kounya yo bliye si n enpotan
Yo pran n tankou pasyon derespekte nou a nenpot tan
N ap domi nan lari men pou fredi a nou met 2 ba
Fosenn fè dega sou do'n  yio pwal fè fucking deba
Chak gouvènman k monte se plis pousyè yo pote bannou
Pale de chanjman yo still mete chiklets sou ban nou
Mato lavichè yo frape sou kloun, yo met Apse sou kloun peze kou n
Griyen dan sou nou tankou n te kloun
Apre 14 zan lekòl jwenn inivèsite sonw traka
Ak yon bout gòl nan kan nou lavichè ap jwe kata
Pouw jwenn plas se pa bagay kap fèt kousi kousa
Fow gen bon marenn a parenn oubyen fòw fè pousi pousa

Yo bay kout ba pou kèk shody bouda Piket yo ban nou babouket n ap kraze bet nou di y ap kraze tet nou yo kraze ket nou sin pa vote li ka kraze dwet nou
Kraze bò tet ou yo ba nou pot chaje
Malgre yo konnen yo kache toket nou

[Pre-Hook]
Pouki'n pa wè'n nan fènwè tankou moun ki pèdi vizyon
Mitiplizasyon relijyon kap kreye divizyon
Trop koripzyon fè anyen pa chanje
Yo di n open pou bizniz poutan n paka manje
Dlo nan je, jenès la an danje
Poutann pa janm wè prezans youn lè vi'n anje
Komann pwal fè koupe swaf lè dlo vin nanje
Manke creatictivité, se saki kraze'n vle ranje
Lèn vle vanje yio di'n deranje
Exkli sak angaje ap denonse sak anbaje
 
[Outro]
YEAHHH ANNNN
Men pouki'w rasis pandan w renmen gen koule (yeah)
Paka jwenn lopital lè'n gen doule
Pouki, pouki twòp kesyon san repons
Banm Bowling.. banm Bowling
Lage Beat la. Banm Bowling
E e e e e e epe pe pe peppedep
Eeeeeee ouvè kòw
Anmweyyy eeeeeee..eeee... Nou pran yo.....paka bowling
Eeeeee Chase stress
Anmweyyy..anmweyyy eeeeanmweyyy
Yo Hyppe (yeah)
Souke kòw non bòs... (moblije)
Wete stress wete stress.