Dwa De Lòm Viewo • Manno Charlemagne

ADDED BY ZOKLO (OCT 30, 2014 AT 12:44 PM) 17,568 VIEWS EDIT

Genre: Folklore
Album: La Fimen
Year: 1994

Dwa de lòm se konsa l rele
Lamayòt pou ti moun fronte
Apre 200 zan sa n regle
Nèg vle fè n konnen ke solèy se Bondye
Men dyab la ap vini pa pale
Labib son w bagay ki sakre
Yon patay ki pa byen regle
Blan yo pran tè ya
Yo bann bib la n aksepte tande

Fè m tire oun profi nan travay la chè mèt yo
Nan kozman ideolojik yo chè frè m yo
Nou anlè onètman fòk se nou k plase pou lamizè
O mwen youn bagay va chanje
Nou ministrab se vre n etidye pou sa
Tonnè kraze m kòz nasyonal yo fon w bagay ak sa
Literati lontan te ka sèvi
Kounyea m ta pi kwè ke se la pratik vre
Nou pa bezwen fache nou fout anraje wo woy woy woy

Nan mitan yon chan kann bò igwe an Dominikani
De ayisyen chita nan w batey pye atè do touni
Youn ape pale youn ap koute yo pa fè briii
Van nan kann nan sèlman ki tande sa yape di
Kouzen m pral fè tè Ayiti
Si w gon w komisyon m a bay madanm ou pou ou
Kouzen li mèt dyès pezòs…kouzen
Lè ou rive lakay si w jwen madanm mwen plase
Wa bay manman mwen li pou mwen
Kouzen ale kouzen tounen
Avèk nouvèl ki bay kè plen
Manman mouri sa genyen kèk anne
Gen moun ki di gen moun ki di ke se chagren
Madanm nan la i la i la i l ape kenbe
E timoun yo mal okipe
Premye ya grandi l grandi l grandi tankou chwal
Ti dènyè ya pa menm sonje papa l

Nan mitan yon chan kann bò igwe an Dominikani
De ayisyen chita nan w batey pye atè do touni
Youn ape pale youn ap koute yo pa fè briii
Van nan kann nan kouri efase sa yape di
Kouzen mwen sot fè tè Ayiti
Gen youn komisyon madanm ou voye ba ou
Kouzen li lè pou tounen
Kouzen lè wap janbe frontyè
Menm si ou pat pot anyen pa kite manchèt ou dèyè
Kouzen kouzen kouzen
Kouzen wa pot manchè pou koupe bayawon woy
Kouzen wa pot manchèt pou koupe move zèb woy
Kouzen wa pot manchè pou koupe bayawon woy
Kouzen wa pot manchèt pou koupe move zèb woy
Dwa De Lom Viewo