Pou Lavi Fleri • Manno Charlemagne

ADDED BY ZOKLO (OCT 30, 2014 AT 12:34 PM) 12,452 VIEWS EDIT

Genre: Other

[I]
Gen pwovèb ki fèt pou chanje
Kat je kontre manti vole
Kòm si sa pat janm ekziste
Lawont sa son w mantalite
Itilize pa odasye
Menm si l konnen sa pap mache
Kounye a tout bagay chanje
Pa gen pyès moun ki je pete
Sa fè nèg mande anraje
L anplwaye vye mo chat bare
Si w kanpe ou di se pa vre
Ou te gen tan yon kat make

[Refren]
Mesye k ap lite yo pou lavi fleri
Pou soufrans ka mouri
Pou ti moun yo ka jwi
Bèl demen kap grandi
Woy pinga nou sezi
N ap lite tout lavi
Kont tout vye dan pouri
Ki kwè n sa bannann mi

[II]
Kote moun sa yo se danje
Ki al lekòl pou y aprann panse
Pitit pèp tou sa se pa vre
Anbisye sèpan venime
Se bagay pou nou siveye
Si nou gon w bi ke nou fikse
Ou menm wap mache ak tèt leve
Sèpan se ranpe sa ranpe
Veye zo w wa anpwazone
Se pa nenpòt ki kalite
Ou pap gen le chwa pou sove
Se gran mwayen pou anplwaye

[III]
E byen kòm yo klase nou youn kote
An n pran wòl nou ak volonte
Nou pap la pou nou betize
Nou pap tann lè bagay mele
Nou pap lide sou fèy papye
Apre yon eleksyon manke
Nou pap fè de lane pase
Youn rèv tout yon etènite
Oun jan pou kòz la avanse
Si gen lan nou k te betize
Ki fè jodi kòz la byeze
Piblikman di jan sa pase

[Refren final]
Mesye k ap lite yo pou lavi fleri
Pou soufrans ka mouri
Pou ti moun yo ka jwi
Bèl demen kap grandi
Woy pinga nou sezi
N ap lite tout lavi
Kont tout vye dan pouri
Ki kwè n sa bannann mi
Woy pinga nou sezi
N ap lite tout lavi
Kont tout vye dan pouri
Ki kwè n sa bannann mi
Woy pinga nou sezi
N ap goumen pou lavi
Kont tout vye dan pouri
Ki kwè n sa bannann mi