Nwel Lavale • Manno Charlemagne

ADDED BY MASAKADIE (OCT 29, 2014 AT 11:26 PM) 11,446 VIEWS EDIT

Genre: Other

[I]
Nwèl sa ak tout lòt yo melanje
Larim tradisyon sa a kole
Sou lestomak soudevlope
Sèl mwayen n se sote ponpe
Desann pòtoprens le premye
Vye paran w domestik li ye
La montre w mèvèy vizite
Ki sa w te konn jwenn lavale
Bagay la pòtoprens li ye
Fò w pa koute manman Ile
Ka menm pote w pap jwenn pote
M pito pran tèt ou an n ale
Lè de pot kay pap refize
Ou wè pwovens la neglije

[Refren]
Tout jou se menm pou mwen
Ou ta vle m twonpe tèt mwen
Menm si mak pa sou do mwen
M santi li lan san mwen
Hing hang depi lontan
Gran paran m leve jwenn nan
Diskisyon gran moucheeeee
Te toujou egzisteeeee

Nowèl nowèl
Ton nwèl ton nwèl

Si m kraze kwa mazaka saaaaa
24 desanm m a chante nwèl
Si se 31 ou premye
M a gen lapeti viv joudlan
Tonton nò pèmete mwen sa
Ou we se rèv moun je drandran
Solèy bare je l ak le syèl
Tonè kraze m mwen byen kwè ke
Malgre ou menm se moun ou ye
Se domaj fout lespri m bouche
Parfois m konn tande wap pale
Si yon ti fraz m te ka kenbe
M ta val kote k gen sosyete
Mwen ta niche mwen ta lanbe
Gen anpil bagay fò w peye

Nowèl nowèl
Ton nwèl ton nwèl

M telman fèb m prèt pou m tonbe
Si van vante m pap reziste
Gade n yon bann ti negrye
Wè pou nou ki sa w ka regle
Tonton nwèl tonton nwèl souple
Afè pa nou se gro koze
Lòt ane pito w pa pase
A kondisyon dan le ka ke
Sitiyasyon nou ta amelyore
Men fò w pa blye lavale
Limbe a kote k fin seche
Jan rabèl tou sa an premye lye
Ta merite oun vizit serye
Si w pa ta vle oun desant delye
Pataje pou byen pataje

[Refren final]
Tout jou se menm pou mwen
Ou ta vle m twonpe tèt mwen
Menm si mak pa sou do mwen
M santi li lan san mwen
Hing hang depi lontan
Gran paran m leve jwenn nan
Diskisyon gran moucheeeee
Te toujou egzisteeeee