Haïti Chérie (Souvenir Dâ... • Othello Bayard

ADDED BY TIZER (OCT 15, 2014 AT 10:54 AM) 25,771 VIEWS EDIT

Haïti Chérie (Souvenir D’Haïti) • Othello Bayard

Genre: Other
Lyrics by: Othello Bayard

Ayiti cheri, pi bon peyi pase ou nanpwen.
Fòk mwen te kite w pou mwen te kap
Konprann valè w,
Fòk mwen te manke w pou m te kap
Apresye w,
Pou m santi vreman tout sa ou te ye pou mwen.
Gen bon solèy, bon rivyè e bon brevaj,
Anba pyebwa ou toujou jwenn bon lonbraj,
Gen bon ti van ki bannou bon ti frechè,
Ayiti Toma, se yon peyi ki mè chè.

Lè w lan peyi blan ou gen yon vye frèt ki pa janm
Bon,
E tout lajounen ou oblije ap boule chabon.
Ou pa kab wè klè otan syèl la andèy,
E pandan si mwa tout pyebwa pa genyen fèy.
Lan peyi mwen, gen solèy pou bay chalè.
Diran lane, tout pyebwa ap bay lonbraj,
Bon briz de mè toujou soufle sou no plaj,
Ayiti Toma se yon peyi ki mè chè.

Kon w lan peyi blan ou wè tout figi yon sèl koulè.
Nan pwen milatrès, bèl marabou, bèl grifonn kreyòl
Ki renmen bèl wòb, bon poud e bon odè,
Ni bèl jenn nègès ki konn di bon ti pawòl.
Lan peyi mwen, lè tout bèl moun sila yo
Sòti lan mès ou sòti lan sinema,
Se pou gade, se pou rete dyòl lolo.
A la bon peyi se ti Dayiti Toma!

Lè w lan peyi blan, ou pa wè mango ni kòk di tou.
Lan pwen sapoti, ni bèl kayimit vèt ou vyolèt.
Lan pwen zanana, ni bèl ti pòm kajou
Ki ban nou bon nwa pou nou fè bon ti tablèt.
Ou jwenn zoranj ki soti an Itali,
Men ki fennen, ki toujou mwatye pouri.
An Ayiti sa si bon se koupe dwèt,
E sou se rapò nou bay tout peyi payèt.

Lè w lan peyi mwen, kote ou pase tout lon chemen,
Se bonjou konpè, e makomè, e pitit la yo?
Sa’n pa wè konsa, manyen rentre ti bren
Pou’n bwa ti kichoy pou nou jwe de ti kout zo.
Fin bay lan men, se rantre lan gran pale
Se politik, se move sitiyasyon,
Sa pou nou fè, se pou nou pran li kou l ye,
Men bon Dye si bon la ban nou benediksyon.

Lè w ou lan peyi blan, ou pe pwomennen nwit tankou
Jou.
Tout moun pe mache prese prese wa di se chen fou.
Kote yo prale, pouki y’ap kouri konsa?
Yo pè pèdi tan, yo pa janm di: kouman sa?
Lan peyi mwen moun pa rete avek lè.
Genyen libète, ou gen tan pou pran frechè.
Kote ou pase se bonjou se bay lan men.
Moun pa janm prese, yo koze tout lon chemen.

Lè w an Ayiti ou pa janm manke tan pou soufle.
Sak pa fèt jodi, ou kab fè li demen si ou vle.
Kan demen rive ke l bon ou ke l pa bon,
Sa pa fè anyen tout moun konn di bon dye bon.
An Ayiti moun pa janm dezespere.
Nou gen la fwa lan yon Dye ki pa janm manti.
Nap fè jodi kan demen pa asire.
A la bon peyi o mon Dye, se Ayiti!

- Othello Bayard, Berlin, Germany - 1920