Konviksyon • Manno Charlemagne

ADDED BY MASAKADIE (OCT 29, 2014 AT 11:14 PM) 12,782 VIEWS EDIT

Genre: Other

[I]
Se lan pa prese ann gade
Ki fè dèyè a kounye vakabon ap sikile
Toujou kesyon bouyi vide ki fè chimen an Pat janm ka trase
Lit la pat janm youn sèl kote
Fòk gen eleman kap veye tout kont mal taye
E se sa ki pou vin kreye wout ki bon ide melanje Lan w sosyete
Oun fwa ke bagay yo dire
Gen sa ki komanse bwaze Sitiyasyon yo pi klere
Se konviksyon ki pat ase
Nèg remake l pap jwi pwosperite
Depi gen w chwa sa pou m kenbe
Nèg tounen kanpe sou de pye li fatige
Komite solidarite politisyen resisite
Bagay mele

[Refren]
Fò moun yo sonje jan sa te pase
Map di malere ki pa gen dwa revandike
Yo gen lè konprann sa yo ba nou fò n aksepte
Nou pa vle pale ay dlo cho sa boule
Pran la wout san konnen jouk ki kote sa prale
Sa bay dè zane met sou sa ke n ap andire

[II]
Pandan lontan nèg te kache
L pat janm pale l tap siveye
Te toujou gen malere
Okazyon sa pou nou bon mache
Kòm di gede la kesyon je kreye
Se konviksyon w ki pou kenbe w
Se li ka fè w reyalize kòm malere
Tout vye chimen velekete
Se lite tout bon pou lite pou sa chanje

[III]
Moun lan klas defavorize
Ki pa gen anyen pou sere
Lit sa a se nou li konsène
Aprè n finn chita n byen tande
Na wè ki kote ke nou ka rete
Pinga n pran lan mache prese
Nou pa ti bebe kap rale
Yap aprann fè de
Se la vi ki mal pataje
Ki fè nou oblije rete
Lan w si bondye vle

[Refren final]
Fò nou kap yo sonje jan sa te pase
M ap di malere ki pa gen dwa revandike
Yo gen lè konprann sa yo ba nou fò n aksepte
Nou pa vle pale ayayay dlo cho sa boule
Pran la wout san konnen jouk ki kote sa prale
Sa bay dè zane met sou sa ke n ap andire