Ti Bato • New York All Stars

ADDED BY TIZER (MAY 29, 2014 AT 11:46 AM) 25,360 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Gaspille
Year: 1998

Yon maten mwen leve papa m rele m li di mwen:
Nan tout sa w'ap fè w'ap jwenn anpil difikilte
Si w tonbe, pa ret atè leve
Rèv ou se sèl destinasyon
Lavi a se yon bato, n'abò sou yon lanmè move
Vag ak tanpèt se difikilte n'ap rankontre
Tanpri kaptèn kenbe zaviron w vre frè
Rèv mwen se sèl destinasyon

E byen bon kaptèn asire w
Mwen pa konn naje non

Van ape soufle, nou tout nan kannòt la
Bondye voye je sou nou pou bato a pa koule
Lanmè move, van vante, loraj gwonde
Kaptèn m'pa konn naje,
Tanpri mennen m ale

[Chorus]
Kapitèn bato pa panike o
Mennen m ale, m'bezwen rive

Van vante, loraj gwonde, lapli tonbe
Kaptèn kenbe zaviron w
(Hey hey, m'pa konn naje non mwen menm)
Van vante, loraj gwonde, lapli tonbe
Bondye voye je sou nou, wo hey hey

[Chorus]
Kapitèn bato pa panike o
Mennen m ale m'bezwen rive (Atansyon)
Kapitèn bato pa panike o (Mennen m ale an byen)
Mennen m ale m'bezwen rive

[Synth solo]

Oh oh oh ah
Oh oh oh oh

Woh oh oh oh oh oh oh
Gade n rive, rive nou rive

Mennen m ale kaptèn, mennen m ale pi lwen
Se sou tè fèm mwen santi m byen
Lè m sou dlo m'gen tèt vire
Mennen m ale kaptèn, mennen m ale ale ale byen lwen
Boss papa, rèv mwen se destinasyon m
Mennen m ale

[Chorus]
Move tan pase l'ale, gade nou toujou la
N'janbe dlo, janbe dlo

Woy, sa fè lontan m'sou dlo
M'pa wè anwo, m'pa wè anba
Boss papa mennen m ale, hey hey
Lapli ap tonbe, van vante, loraj gwonde, n'ap balanse l
Men pi devan mwen wè 'on limyè
Wi pip! Nou delivre!

[Chorus]
Move tan pase l'ale, gade nou toujou la
N'janbe dlo, janbe dlo

Nou janbe dlo n'ale, nou travèse gwo lanmè
Nou jwenn anpil difikilte men a la fen n'rive

Tanpri kaptèn mennen m ale an byen

[Chorus]
Move tan pase l'ale, gade nou toujou la
N'janbe dlo, janbe dlo

Mwen wè 'on limyè devan an
Make sure nou rive

[Chorus]
Move tan pase l'ale, gade nou toujou la
N'janbe dlo, janbe dlo

[Outro]
Oh oh oh ah (rpt)
Mennen m ale, mennen m ale
Rèv mwen se destinasyon m
M'bezwen rive woh
Mennen m ale, mennen m ale
Menm si m jwenn difikilte
Se devan n vize, se la nou prale