Temwayaj • Orchestre Septentrional

ADDED BY TIZER (JUL 1, 2015 AT 3:24 PM) 21,142 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 1997

[Verse 1]
Bò kote soley leve men se la lavi soti
E sa s on reyalite si nou ta vle rann yon kont
Gade byen lè w nan fè nwa enpòtans yon branch limyè
Ou Septan se bò solèy, donnen w yo toujou pi dous
Se vre pa gen diskisyon,
Tout sa ki soti nan kè w toujou pi bon kalite
Septen ou se lavi nou
Cheri lè m ape danse w, mwen santi m ap ran plezi m
Mwen renmen w avèk tout kè m
Ou dous tankou siwomyèl

[Horns]

[Hook]
Septen cheri, lè m ap danse w,
Wi mwen kontan paske m santi mwen nan syèl
Djaz mwen cheri, bon kalite
Lè m ap danse w, mwen santi m nan parade

[Horns]

[Hook]

[Keyboard solo]
Lamitye ap fleri, Septen ap kontinye grandi
Timoun ap fèt, Septen ap kontinye bay payèt
Et comme solution, Septen… pou tout tan gen tan

[Horns]

[Verse 2]
Si nan w ap danse, ou santi w nan sètyèm syèl – Septen k ap mate
Ou nan somèy, konpa sa a reveye w – Septen k ap mate
Lè w kanpe anfas, li leve w li fese w atè o – Septen k ap mate
Ou nan dòmi konpa sa a reveye w – Septen k ap mate
Si w ap danse ou santi w nan setyèm syèl – Septen k ap mate
Ou nan somèy, konpa sa a reveye w – Septen k ap mate
Lè w kanpe anfas, li leve w li fese w atè o – Septen k ap mate
Ou nan dòmi konpa sa a reve w o non non non – Septen k ap mate

[Chorus]
Jwi lavi w, pa bouke pran plezi w,
Septen ap toujou la pou l kapab satisfè w
Jwi lavi w, pa bouke pran plezi w,
Septen ap toujou la pou l kapab

Lè m ap danse Septan pa ban m move nouvèl
Lè m ap danse Septan pa vini kontraye m
Apre bal la, w a ban m nouvèl la
Apre bal la, wi w a ban m nouvèl la

[Horns]

[Hook]