[Verse]
M pran lavi pou pwofesè donk chak jou m ap edike
M ap aprann ma fè erè e bondye ap edite
M konnen avan nou konnen koz chak viktwa premedite
M pa ekri pou n di m konn ekri men pou n tande e medite
M gen gwo rèv e anbisyon difisil pou m satisfè
M pa kontante m e sa m genyen men sa m genyen an sufi
Si fò m chwazi sa k bon pou mwen m chwazi pa chwazi
Paske chwazi se renonse e renose se soufri
M renmen pataje men m pap bay sa k vle m bay sa k bezwen
Pou mwen tout fanm se fanm m pa konn sa k bon ni sa k bzen
M lwen objektif mwen men m trè rekonesan
M aprann bay enpòtans ak sa m genyen pa a sa m bezwen
M ret san zanmi aprè lanmò Marcus Samuel
Cause m renmen lwayote se pou sa m pa rayi chen
Se grandi w ap grandi w ap konn poukisa m rete solo
Si w vle konn kijan yo kreye enmi ini de Ayisyen
Manman gentan ban m lavi m pa ka chache fanm pou fè vi m
Bondye met manje pou tout moun donk m pa tann yo pou sèvi m
Nou s on bann inyoran nou pap janm konn grandè tou pwisan
Nou tout ap sèvi Bondye pandan Bondye la pou sèvi n
[Chorus]
a medite
Pa bliye lè w prale se ou k pral sèl – a medite
Ou ka fè sa w imajine a se ou k pa fè l – a medite
Pa fè pèsòn konfyans mefye w de tout moun
Men mefye w plis de moun ou pat panse a koz se li k pral fè l – a medite
Fò w refize pou w konn sa w evite
Chache konn kiyès ou pou w ka konn sa w erite
Pa pran sa yo ba w pran sa k pou ou mete w piti pou viv
Reziye w a sa w jwenn men toujou sonje sa w merite – a medite
[Verse]
E lanmou se pou on tan pa made l avi
Nenpòt sa k bon pou ou a fè l frè m pa mande avi
Si w pa eseye w pap janm konnen se swa w aprann swa w reyisi
De tout fason lavi pap di w donk pa mande l avi
Tande pou w medite e fwa sa ou ka aplike tout sa m di
Se vre lavi se on fèt men w pa dwe fete tout samdi
Fò nou panse avan nou di koz nou pa panse tout sa n di
Nou pa dwe di tout sa n panse men n dwe panse sou tout sa n di
Sèl bagay m pap vann se nanm mwen ak konsyans mwen e diyite m
m ap mache sou tras tou pwisan an san ankenn detou
men anyen pa gratwi tout branch pwèl mwen monetize
men Bondye ba nou lavi pou n remèt li an retou
[Verse]I took life as a profession so every day I educateI learn to make mistakes and God editsI know before we know because every victory is premeditatedI don't write so people say I know how to write but so people listen and meditateI have big dreams and difficult ambitions for me to satisfyI'm not satisfied with what I have but what I have is enoughIf I have to choose what's good for me I choose not to chooseBecause choosing is renouncing and renouncing is sufferingI love to share but I won't give what I want to give what is neededFor me all women are women I don't know what's good or what's neededI'm far from my objective but I'm very gratefulI learned to give importance to what I have not to what I needI remained without friends after the death of Marcus SamuelBecause I love loyalty that's why I don't hate dogsAs you grow you'll grow and you'll know why I stayed aloneIf you want to know how they create enemies among HaitiansMother sometimes gave me life I can't seek women to make my livingGod puts food for everyone so I don't wait for them to serve meWe are a bunch of ignorant people we will never know the greatness of the AlmightyWe all serve God while God is here to serve us[Chorus]meditateDon't forget when you leave it's you who will go alone – meditateYou can do what you imagine it's you who won't do it – meditateDon't trust anyone be wary of everyoneBut be more wary of the person you didn't think of because it's them who will do it – meditateYou must refuse to know what you avoidTry to know who you are so you can know what you inheritDon't take what they give you take what's for you humble yourself to liveBe satisfied with what you find but always remember what you deserve – meditate[Verse]And love is for a time don't make it a lifetimeWhatever is good for you do it brother I don't ask permissionIf you don't try you'll never know whether you learn or succeedAnyway life won't tell you so don't ask it permissionListen so you meditate and maybe you can apply everything I saidIt's true life is a party but you shouldn't party every SaturdayWe must think before we speak because we don't think about everything we sayWe shouldn't say everything we think but we should think about everything we sayThe only thing I won't sell is my soul my conscience and my dignityI will walk on the path of the Almighty without any detourBut nothing is free every strand of my hair is monetizedBut God gave us life so we return it to him in return
