[Chorus]
Ash
Smart kou iphone
Li pull up au max
Bel ti machin li a zanmi l yo y ap trip au max
Antre nan store achte pou zanmi l yo peye l an cash
Mais c’est dommage
Ti pitit pran nan fo zanmitay
Sa m pa ka di l fo veye fo zanmi, zanmi
Zanmi fòk ou veye w a fo zanmitay
Sa m pa ka di l fo veye fo zanmi, zanmi, zanmi
[Verse]
Ashley se prenon l e Dubois sa se signature l
Te trè imature men ak le tan li vin pi mature
Se pa de rature malerèz la fè men l bèl de nature
Li vin jwenn Senatus ki fè l jwenn yon bon job nan primature
Zuzu w atadi mè boudon bèl ti vizaj e l gen bouda
Sa m ap di a m ap di l pou bon
Tande zanmi fòk ou veye w avèk Juda
Li kòmanse pran promosyon mezanmi quelques mois plus tard
Senatus gentan pa renmen l li gentan revoke l sou pretèks yo vin ba l jouda
Ti pitit entèlijant li te gentan g on bann biznis k ap ogmante
Tout bouch ki t ap pouse van ou pap wè yo youn kounye a k ap kòmante
N ap viv on vi pa gen rans fò w aprann monte sou tèt sa k pa vle w monte
Epi menm lè w gen bon kè fò w toujou gen kè pou fè feu a volonte
On lòt direction a on nèg kòb kounya l pral marye
Men zanmi yo jalou epi s on bann varye
Nou youn ki la pa gen de zanmi si n vle n ka parye
Tonnè boule m moun gentan mande lòt medam yo kot mari n
So nou menm vin ban m avi n
Nou pa t ap jalou de eksplwa l tou dayè l sot la gran ravin
On lè medam yo rele l pou li vin chill kot Carine
Timoun yo veye l yal nan machin li e yo met kokayin
Shit so nou wè kot zanmi rive
Se pwòp zanmi k ap taye zèb anba pye w
Antouka e lè w pa genyen w ap konn kiyès ki zanmi w tande
Ok,
Ash
[Chorus 1]
[Chorus 2]
G on patnè k rele Steve
Blòdè byen rèd toujou byen fre chaje gwo mak
E li k tèt baz achte kès byè pete cognac
Chicha hookah Fubar bloke chak lè l pull up men peyi vin lock
Ti jèn nan pran nan fo zanmitay
Neg ki pi bon patnè l la dèyè fanm li
Jida tonbe bay fanm nan tout ti detay
Screenshot fè lapli sou telefòn li it’s not funny
[Verse]
Baz la toujou lit lit toujou drip drip toujou byen rèd
Lè se pa hennessy tout nèg Remy nigga plen nèg
Menm lè tout moun achte nou konn bill la nigga gen mèt
Men g on bagay misye te bliye ke se pa sèl limenm ki te gen nèt
Misye g on ti fanm lòt bò ki trè kwè nan li e ki prè pou fè tout bagay
Lady boss on fanm ke nan men ki gen nan men l e l pa care pou fè thug la vibe
Pi bon patnè misye fristre twouve fanm nan pa sanble misye so twòp bagay
Yo yo misye kanp an fake e l pa give a f*ck pou fè thug la vag
Tripotay mete pye l anregistre misye
Nan tout krèy tout kote fanm nan konn tout dosye
Manzè pran voye pye chak lè misye voye men ba l
Maryaj te gentan ap prepare chak jou manzè ap kriye bag sa pa pral nan men pa l
Men manzè renmen nèg li sitou li pa wè règ li
Li rele misye l rakonte l tout bagay li montre l tout mesaj yo tout sa k ekri
Yo misye pa tande bri misye pa tande kri
San reflechi l pull-up sou zanmi an li rale zam li klip klap m tande biw
Yo yo yo misye mouri man
Lòt patnè a man kondane pou 25 an prizon
Madanm li ap kriye fi a ansent f*ck
Epa tout nèg k ap manje k ap bwè avè w ki zanmi w my n*gga
Yow
[Outro]
G on patnè k rele Steve
Blòdè byen rèd toujou byen fre chaje gwo mak
E li k tèt baz achte kès byè pete cognac
Chicha hookah Fubar bloke chak lè l pull up men peyi vin lock