[verse]
Depi le'm fet m'ap grandi m'ap konfwonte problem
Problem rezoud, problem tounen se problem sou problem
Defwa'm konn poze tet mwen kesyon, poukisa tout problem sa yo
Men m'vin konprann lavi se sa chak grenn moun gon problem pa yo
Zanmi resezi'w pa gen moun k'ap viv ki bon ke ou
Remonte moral ou drug,alkol pap ka delivre ou
Ou we jodi'w pa konn demen, tout supriz yo alantou
Jis pran on denye desizyon, m'garantiw l'ap bon pou ou
M' vle'w konnen'w son solda, fo'w tonbe pou'w aprann leve
Pa kite dlo nan yeux'w neye'w, zanmi m'vle'w sispann kriye
Nan sa'w kwe a met la fwa'w, m'garanti'w ou pap regrete
Pa pe sakrifye'w plizye fwa on jou soley la va leve
F'on ti souri chak fwa'w bite
Pa kouri, pa two prese
Febles pa ka pot viktwa sou ou, abandon se lachte
Le'w santi'w sel ajnou priye, ak Bondye'w pap limite
Sikse a se ou menm zanmi, fo'w pa peur rekomanse
Lavi'w bel, p'okipe pyes moun ki vle fe'w we'w led
Ou son model, jis kwe nan tet ou, echek pa ka few led
Di wi'w ka fel, eseye anko anko anbwase ed
Tout sa'k panse'w se ravet yo'k poul, lespri'm di'w se èg
[Verse]
Gen plis moun k'ap tann echek ou ke sa'k ta vle byen pou ou
Yo pa vle we'w progrese, pou yo sikse pa fet pou ou
Si'w ta rete tet bese net se gwo fet y'ap chak jou
Yo pral pran non'w pou pastan yo, tout vye egzanp yo ap ou
M'vle'w konnen ti sa selman, aprann viv selon tet ou
Viv ak sa'w genyen ak sa'w renmen, marye ak rev ou
Gen anpil se nan anterman'w y'ap pale tout byen de ou
Poutan yo pa't janm konnen'w ni bezwen'w y'ap di yo regret ou
Ipokrit yo makiye zanmi, pou viv pa gen wout pa bwa
Swa'w sa oubyen'w pa sa, fo'w goumen pou'w pote viktwa
Materyelman ou ka pov, men nan lespri ou son boujwa
Itilize sevo'w ou we desten'w sel Bondye'k konn sa
Fe rev ou yo tounen tatoo
Pran echek yo pou leson ou
Pi bone se granm maten pa rate on okazyon ou
Mefye'w de moun k'ap souri ba'w pito'w kwe nan enmi'w yo
Lavi'w son bato'k sou dlo pa tann gwo van pou louvri vwal yo

