[Intro]
It's Teddy Hashtag
Rutshelle
[Verse 1]
Ou konnen jan m renmen w, jan w pran tête mwen
Kè m te di m chwazi w de je fèmen
M pa wè m pa tande, yo te mèt pale, ki mele m?
Pòt ke m ou fèmen
Je m pa ka fèmen depi je w ouvè
Rankontre w nan vi m kwè m, se pi gwo decouvert mwen
Lè nap pran lari yo konn e doulè
Ou tèlman move ou fè m santi ta flex sou ex mwen
Pou mwen w kont m pap pran de
Tantasyon yo la men m pap tonbe
M te konn renmen vre san m pat konble
E w se sa yo banm ke m tap mande
[Hook]
Ou banm lanmou
O, wi ou ban m lanmou
Ou ban m lanmou
Pou jan w ban m lanmou
Se ou m tap tann nan m pa janm we a
Di m kote w te ye tann dat sa
M gon chay lanmou m sere pou m te ba w
Ou k patko la pou resevwa l
Ou ban m lanmou
O, wi ou banm lanmou
Ou ban m lanmou
Pou jan w ban m lanmou
Se ou m tap tann nan m pa janm wè a
Di m kote w te ye tann dat sa
M gon chay lanmou m sere pou m te ba w
Ou k pat ko la pou resevwa l
[Verse 2]
Chak bo ou son pwomès mwen pa vle bliye
Lè m bò kote w tan an kanpe
M santi lapè, m santi libète
Tout doulè m yo vinn efase
Nan bra w se la m jwenn kay mwen
Nan je w, babe, mwen wè demen
Ou banm yon lanmou san fen
Baby, you gonna know, you gonna know
Lè w souri, soley la klere
Ou fè m danse, ou fè m reve
Ou se tout sa mwen ta chèche
Mèsi, cheri, paske w banm lanmou
[Chorus]
Ou banm lanmou
O, wi ou banm lanmò
Ou banm lanmou
Pou janw banm lanmou
Se ou m tap tann nan m pa janm wè a
Di m kote w te ye tann dat sa
M gon chay lanmou m sere pou m te ba w
Ou k pat ko la pou resevwa l
[Keyboard Solo]
Teddy
[Rutshelle]
You bring me peace, you bring me light
Tout sa w ye fè m santi m right
You got me dreaming day and night
Se sèl ou ka fè m santi m high
[Teddy Hashtag]
Baby, ou ban m lanmou m pap janm rebite
Tout sa m di w ou met kwè m yo se verite
You're the one ouvè kòw my lady
Baby, you're driving me crazy
[Keyboard Solo]
Ou ban m lanmou
Baby, ou banm lanmou
Ou banm lanmou
Ou banm lanmou







