[Intro]
Wi wi
Oh lord
L-Won
[Verse 1]
Hey ti manmi tande
M vle wè w k ap rele m daddy tande
M konnen w vle al dousman
Men ti manman tèt mwen gentan pati tande
Wi ou pa gen rezon pou w pè
Paske se a yon ti damouklès w an afè
M pa wè sa n rete paske n tou prè
Si w vle byen konnen m sa w a fè l anaprè
[Chorus]
Vini nan baz ou
Vin danse nan djaz ou
M gentan egoyis
M gentan vle pou m sèl mo k nan fraz ou
E m gentan pare pou w mennen m ale kote w vle
Mennen m ale e m vle ret mare kote w ye
[Verse 2]
Zanmi m yo di m map fou wi
M sezi pou ou papoo
Si w ka gentan redamou
pou sa k te rive w lòtrejou
chochonèt m pa nan pèdi tan
m di tout moun ou se moun mwen m gentan bò w non
nan nivo m wè m renmen w la m pap bay vag non
e m vle w konnen m trè serye m pap bay blag non
m pa wè w ta vin kite yo wè anba m non
ex mwen an te fè l konfyans aprè de manti m bliye l
kè m gentan pou ou zafè w si w demantibile l
zafè si w ban m kou, zafè si w fè m fou
drapo vagabon an m jete l epi m repanti m pile l
kwè m wap ret la
e m pa nan pale met la
pou jan w domine m la
tèt mwen pete pa gen deba
[Chorus]
Vini nan baz ou
Vin danse nan djaz ou
M gentan egoyis
M gentan vle pou m sèl mo k nan fraz ou
E m gentan pare pou w mennen m ale kote w vle
Mennen m ale e m vle ret mare kote w ye
[Outro]
Zanmi m yo di m map fou wi
M sezi pou ou papoo
Si w ka gentan redamou
pou sa k te rive w lòtrejou
chochonèt m pa nan pèdi tan
na na na na







