[Verse 1]
Pou Ayiti peyi Zansèt yo
Se pou n mache men nan lamen
Nan mitan n pa fèt pou gen trèt
Nou fèt pou n sèl mèt tèt nou
An nou mache men nan lamen
Pou Ayiti ka vin pi bèl
An nou, an nou, met tèt ansanm
Pou Ayiti onon tout Zansèt yo.
[Verse 2]
Pou Ayiti ak pou Zansèt yo
Fo nou kapab vanyan gason
Moun pa fèt pou ret avèk moun
Se sa k fè tout Manman ak tout Papa
Dwe pou voye Timoun lekòl
Pou yo aprann, pou yo konnen
Sa Tousen, Desalin, Kristòf, Petyon
Te fè pou wet Ayisyen anba bòt blan.
[Verse 3]
Pou Ayiti onon Zansèt yo
Se pou n sekle se pou n plante
Se nan tè tout fòs nou chita
Se li k ba nou manje
Ann bite tè, ann voye wou
Ak kè kontan, fòk tè a bay.
Sekle,wouze, fanm kou gason
Pou n rive viv ak sèl fòs ponyèt nou.
[Verse 4]
Pou Ayiti onon Zansèt yo
Ann leve tèt nou gad anlè
Pou tout moun, mande Granmèt la
Pou l ba nou pwoteksyon
Pou move zanj pa detounen n
Pou n ka mache nan bon chimen
Pou libète ka libète
Fòk lajistis blayi sou peyi a.
[Verse 5]
Nou gon drapo tankou tout Pèp.
Se pou n renmen l, mouri pou li.
Se pa kado, blan te fè nou
Se san Zansèt nou yo ki te koule
Pou nou kenbe drapo nou wo
Se pou n travay met tèt ansanm.
Pou lòt, peyi, ka respekte l
Drapo sila a se nanm tout Ayisyen.