[Verse 1]
Avè w m santi lavi m tou ante
Men w fè moun konnen mwen k toumante w
M pa g on easy life
Men m bay sa pou m bay
M menm bay plis ke sa w te mande
Eskize m
Si m di w
M pa kapab ankò kè m di stop
M p ap kriye men si m sòti nan sa
M t ap kontan si m ta siviv
Ou f on maladi w al
Met dife nan paradi a
Ou kite m lè w vle w retounen
E soufrans yo tout rete pou mwen
Men malgre sa m kole
Chak fwa mwen sonje
Bèl moman nou pase yo
Anndan m ap rache m
Chak fwa m eseye
M wè m paka efase yooo
[Chorus]
Toxic ou toxic yeah
Twò toxic pou mwen
Toxic ou toxic yeah
Twò toxic pou mwen
Plede fè m mal mal mal
Pi m aprè pou w vin di mwen
Cheri w a padone m
Plede fè m mal mal mal
Pi aprè pou w vin di mwen
Cheri w a padone m
[Verse 2]
Pa vin fè stipid la
Ni monte vwa w sou mwen
Sa n tap viv la te ka
Tout bagay sof renmen
Pou jan m konnen w fè m mal
Chak jou s on menm refren
Si m te dwe w ou met touche
Men please fò w ban m monnen
Tout sa mwen fè pat janm sifi
Se kòmsi
Mwen menm avè w nou pa t janm ini
San manti
Fò ta di m wè w renmen soufri
Yon pati
Nan ou toujou vle m san anpati
En partie
Ou fè m santi ou mal, poutan m tap fè ou byen
Mal pou ou vin nòmal,
Maux w yo m te vle pran swen
[Chorus]
Toxic ou toxic yeah
Twò toxic pou mwen
Toxic ou toxic yeah
Twò toxic pou mwen
Plede fè m mal mal mal
Pi m aprè pou w vin di mwen
Cheri w a padone m
Plede fè m mal mal mal
Pi aprè pou w vin di mwen
Cheri w a padone m
[Bridge]
Si yè mwen avè w n te makonnen
Lè yo t ap di m m a konnen
Jodi an m pa t ap konnen konnen konnen
Ke l tap monte desann nan lavi moun nan love li s on nomad
Paske m te jwenn kè l plen sekèl
M panse plè l à la fin l fè m mal
[Chorus]
Toxic ou toxic yeah
Twò toxic pou mwen
Toxic ou toxic yeah
Twò toxic pou mwen
Plede fè m mal mal mal
Pi aprè pou w vin di mwen
Cheri w a padone m
Plede fè m mal mal mal
Pi aprè pou w vin di mwen
Cheri w a padone m