[Intro]
Chris Morning in a da place
[Chorus]
Ofinal se mwen ki te zanmi yo
Ofinal se mwen ki te zanmi yo
Ofinal se mwen ki te zanmi yo
Se mwen sèl, mwen sèl, sèlman
[Verse 1]
M te yon bon zanmi tankou tankou fanmi pou yo
Pou yo mwen te ka menm kouri sou dlo
Men yo menm ankò ki eseye koule m
Si m pat konn naje yo te gentan touye m
Lè m tap ba yo kout men
Yo menm yo t ap ban m kout pye
Yo te toujou ret byen lwen
Chak lè w tande pwoblèm met pye
Si m te bay enpòtans ak tout ti detay
M tap gentan pat janm gen zanmitay
Sa k pi enpòtan m aprann leson
Fè tèt mwen konfyans avan lèzòm
[Chorus]
[Verse 2]
Lavi m son fim m plede fè team
Avèk on bann advèsè ki pran pòz zanmi m
Wè on bann advèsè ki pran pòz zanmi m
Fo zanmi vrè enemi se sinonim
Yo trèt yo vòlè yo trèt vòlè
Blòfè yo mantè bann manipilatè
Menm lè wap byen fonksyone avè yo
Sa pap anpeche pou y ap ba w kou nan do
Sa ki ta di sa yon jou
On moun ou te konn rele zanmi te enmim w
Depi Sa ki ta di sa yon jou
On moun ou te konn rele zanmi te enmim w
Ofinal m padone yo
Kè mwen pa gen plas pou mwen rayi yo
Ofinal m padone yo
Ke lanati veye sou yo
[Chorus]
[Outro]
Lè m tap ba yo kout men
Yo menm yo t ap ban m kout pye
On moun ou te konn rele zanmi te enmim w depi toujou
Si m te bay enpòtans ak tout ti detay
Fè tèt mwen konfyans avan lèzòm