[Verse 1]
Tèlman lanmou soufle mwen
Tè mwen te sèk fè l fennen
Yon move tan n pat ka tann
Ou s on lapli m pat atann
Douvan jou konn bare mwen
San espwa kounya m genyen ou
Lè objektif ou ladan l
Ou se limyè mwen
[Pre-hook]
Mete sou
Konbyen fwa ou te fòse desten
Jis pou w ka kontre m sou wout ou
Kounya gade nou
Kote m te wè bònè m k ap defile pou li sa vini jwenn ou
Kounya gade nou
[Hook]
Limyè mwen
Limyè mwen
Limyè mwen
Lè mwen nan fènwa ou se limyè mwen
Oh wi Limyè mwen
Limyè mwen
Limyè mwen
Lè mwen nan fènwa ou se limyè mwen
[Verse 2]
Lè solèy lanmou jwenn lajwa nan kè mwen
Pat janmen fin di w efè l fè sou fyèl mwen
Pou fò w mal yo ta dwe pase sou fyèl mwen
Tout sa pou m montre w pou ou m te di swen mwen
[Pre-hook]
[Hook]
[Verse 3]
Si mwen se sik ou se sèl
Se sèl fanm k esansyèl
E nan syèl mwen w ap briye briye briye kou etensèl
Tout jan w bon pa bezwen kraze kò w pou w bèl
Pou jan m te kon malgre sa ou pran mwen ou fè m
Ou fè mwen kwè m ka vo pi plis ke sa
W antre nan vi m ou loke sa
Ex yo pat janm rive fè sa
Rèl on polis ou loke ja
[Chorus]
[Verse 4]
Si jodia ta dènye jou
M pap fè yon chwa ki pa lòt ke touche ou
E si nan men w doub sis sa ta dènye bout ou
M ap sakrifye m yon fwa pou m chen pou ou tou
[Hook]