Lage Cha • Charlin Bato

ADDED BY ZOKLO (DEC 11, 2021 AT 11:27 PM) 619 VIEWS EDIT

Genre: Afro/Dancehall
Year: 2021

Menm sim m renmen w m pap ka kitew fè m saw vle
Santiman m pap vin ba w pase anba pye
M te padone w yon kantite fwa
M te ba w tan pouw ka change sa
Siw pa konprann mwen m pap gen le chwa
Ti respèm nan m sansib pou sa

M ap lage cha manman
Lage lage lage
M ap lage cha manman
Ale ale ale
M ap lage cha manman
Lage lage lage
M ap lage cha manman
Ale ale ale

Gial gial ou fè m panse m te genyen best wife
Men w chita la wap plede waste time mwen
Ou fèm panse m te valide
Pou sa w fè m andire fow ta dim genyen worst life
Èske se foli si foli di m non
Ki fè chak jou m nan pinisyon
M santi li raz pou wap sal non w konsa
Devan je tout moun m te prezante w deja
Pa mande m paske mwen pa konnen
Rezon ki fè lanmou nou pa donnen
De je nan tèt mwen klere M ap tatonnen
Se sak fè m oblige

M ap lage cha manman
Lage lage lage
M ap lage cha manman
Ale ale ale
M ap lage cha manman
Lage lage lage
M ap lage cha manman
Ale ale ale

Ou fè tout vi w ap banbile
Wap met may
Kou kap ki pran van w vle file
Ou mèt flay
Avèw mwen sanble kondane
Pou m viv avèk yon kè brize
N goumen tout la sent jounen
Li pa bon non
Ou pa wè n pa fouti ere
Non non non non
Lap difisil pou nou 2 ret ansanm
Ou fin tout ak tout sak andanm
Si w pa bezwen m anko sensèman
Mete m alez dim sa kareman
Cheri renmen w pa vle di poutan
Pou m ret avè w si kèm pa kontan

M ap lage cha manman
Lage lage lage
M ap lage cha manman
Ale ale ale
M ap lage cha manman
Lage lage lage
M ap lage cha manman
Ale ale ale

Oh yeah yeah
Pou valè mizè n pase
Valè pwoblèm nandire yeah
Kounya nan bouche nou lanmou Kite yon gou anmè
Mo lanmou fè kè m kase
Pou nou pa gen rekomanse
Kounya fòk mwen ale yeah yeah

MELO ex mwen pral songem wi

Mika gen ban dèyè wi la

Manman lage wi fò m lage yeah yeah M ap lage
Manman lage ou fè m pase twòp manman twòp manman
Manman lage
M pap rete

M ap lage cha manman
Ouu ouuu
Lage cha manman
Lage lage