De kè ki ka rankontre ka fe lanmou fleri boujounen
Chante 
De pèp ki bay lanmen ka fè baryè tonbe
Lespwa jayi 
Solèy la ka leve yon jou pou tout bon vre
[Chorus]
Si n fe konsa vye frè
Na pi pre 
Si n fe konsa vye frè
Nou ke mye
Si n fe konsa vye frè
Na pi pre
Si n fe konsa vye frè
Nou ke mye
Piga w koute sanzave kap kreye divizyon Diskòd lanmò
Yo se lenmi tout pèp ki vle travay ansanm dan linyon
Kon bann nèg mal maske san koutcha san manman
Lè m gade nan glas pa m 
Se potre pa w mwen wè 
Si ou gade nan miwa m 
W a wè jan mwen sanble w
Nou soti menm kote 
Pèsonn pa pou dikte nou
Ki chimen nou dwe fè
An nou rasanble nou vye frè
[Chorus]
An n pa kite lanmou glise anba men nou 
Nou soti menm kote 
Pèsonn pa pou dikte nou
Nou konnen nou se fre tout tan ke je nou klè
An nou rasanble nou vye frè
[Guitar]
Vye frè sa w fè vye frè
[Chorus]
Nou konnen nou se fre tout tan ke je nou klè
Pa kite alèlè vire n devan dèyè









