[Verse]
Yon fanm tankou manman m ki vire lavi a an won
Fanm ki pa limite ki pa mezire 
Ki pa kontante l de pran nan men gason
Fanm kreyòl dezòmè leve tèt nou
Jodya m vin di nou nou pa limite
Nou pa ka kontante n ap chèche timoun lave 
Fe manje epi pase 
Mwen pa konprann ah wi mwen trè konfonn
Fason yon pakèt enstitisyon pran pòz y ape defann dwa fanm
Trant pousan nan tout enstitisyon piblik mezanmi sa se lwa kwota
Poutan n ape pwone egalite de sex ò kote m pran la
Senkant senkant sosyete ekilibre
Jodya medam leve vwa pou nou mande pou n egal ak gason
[Chorus]
Pou dwa tout fanm respekte ann leve men n frape 
Plapla plapla
Senkant senkant n ap mande leve de men n frape
Plapla plapla
Pou dwa tout fanm respekte ann leve men n frape
Plapla plapla
Senkant senkant n ap mande leve de men n frape
Plapla plapla
Oh oh oh oh oh gwo zouzoun gwo jupon oh 
Oh oh oh oh oh fanm de pye pantalon n ye
Fanm vanyan n ye
Fanm de pye pantalon
[Verse]
Fè tout travay ki gen nan kay fanm pa rezime ak sa
Yon pitit pa ka gen de manman men li ka gen plizyè papa
Sa l ye la m pa konnen non ki sa k fè nou pa ka egal la
Sa k gen la m pa di w pa konnen non
Si ak sajès lanmou fò m egal la
Nou pot kares gen gwo bounda mesye yo di tololo
Sou kabann nan li tèlman bon ou di baby wololo
Fanm k ap kanpe nan maladi lanmò se fanm de pye patalon
Fanm ki pa kite kite kite tout responsabilite kay la sou kont gason
[Hook]
Fanm ki pap twonpe mari yo 
Fanm de pye pantalon 
Kote fanm ki kwè nan tèt yo
Fanm de pye pantalon
Fanm ki kwè nan kraze bèt yo
Fanm de pye pantalon
Tout fanm k ap mande senkant senkant
Fanm de pye pantalon
[Hook]









