[Verse 1]
M prefere ret pou kò m
M te ka pèdi vi m nan viv pou lòt
Anndan kè m gen twòp love
E sa k ap detwi m
Lè m trete tout moun kòm fanmi
Nan met twòp konfyans nan zanmi
Gen nan yo k te ka touye m
M son bato k te ka koule
Men Bondye mèsi
tout sa k pa detwi m fè m vin pi fò
[Chorus]
lè w panse m tonbe se lè sa m tonbe pi rèd
lè w panse m plonje m fèk ap naje pi rèd
m t ap gentan tonbe si m t an tò
plonje si m t an tò
men mwen la ayy m kanpe pi rèd daw
lè w panse m tonbe se lè sa m tonbe pi rèd
lè w panse m plonje m fèk ap naje pi rèd
m t ap gentan tonbe si m t an tò
plonje si m t an tò
men mwen la ayy m kanpe
[Verse 2]
m ta di w konbyen manti
konbyen konplo konbyen vye bri ki sou do m
m ta di w konbyen m redi
konbyen m hustle malgre blesi ki sou po m
if you see me standing here I didn’t fall
se paske m tankou moral pitit ou fò
tout obstak tout eprèv yo – m leve defi m leve defi
m son limyè m son chwazi
gras Bondye vide sou mwen san mezi
done seen it all
men se yo k fè m vin pi gran
e se kè m k ap pwoteje m nan mond sa
[Chorus]