[Intro]
Flav 
Yeah man
P-Jay boy
Yeah yeah yeah yeah yeah 
[Chorus]
Dèfwa w konn gen gen yon moun nan vi w 
Ou rive ba l tout sa w posede 
Ou menm ba li sa w pa posede yea yea
Li rive maltrete w 
Gen youn nan vi w wi ou renmen li
Li menm tou te vle fè sa ou vle
Pandansetan wape maltrete l 
Yeah yeah renmen moun ki renmen w
[Verse]
Nwit pa li blanch tankou se krè
Regrèl rete pi gwo sekrè 
Melodi kò l toujou solo
Tristès pou li se yon refren en en 
Malgre l blese l poko refè 
se menm pwomès yo k vin san sès
Se lekontrè k toujou refèt – li fè w mal
Ou ka imajine jan w feel ou pa bezwen di l
Yon moun ki renmen w nan nivo pou ou al prèt pou sakrifye vi l Yeah yeah 
Li kenbe men m li di m pale avè l 
Li kenbe men m li di m pale avè l 
Trop d’écart regard n pa kwaze wa di se de vwa ki paralèl
Tan tap kouri kon tren 
tout efò l yo fèt anven
Lè m resi te deside vin kenbe men l 
Li twò ta li gentan nan men yon lòt ki pwouve l renmen l pase m 
[Chorus]
[Verse]
Se tankou pa gen remèd pou stop frison m 
M santi m pa byen wa di m anprizone nan pwòp prizon m 
E d’un court m pa ka tande nenpòt ki son
Souvni w pèsekite m blese m kite m nan on lòt ti zòn
Men kounya hey baby se mwen k pa ka dòmi
Regrè vin sekrè m remò pèse kè m tristès se refren m
Hey chagren vlope m tankou momi
what comes around comes around se sa yo di baby
Te ofri m kè w erè m fè m pat kenbe l la 
Mank dafeksyon fè w santi mwen te absan menm lè m te la 
Ey menm lè m te la
Lanmou n ke m tap tante la 
Kounya w pa la baby bonheur mwen wi li trè lwen de la
[Bridge]
Pouki nou toujou ap fè sa k renmen n nan soufri
E aprè lè yo prize nou n ap mande pouki 
Renmen sa k renmen w n lan
[Chorus]









