Mwen Se • Timozo

ADDED BY RALMAZOR (FEB 22, 2019 AT 3:31 PM) 3,865 VIEWS EDIT

Genre: Other
Album: Rèv Nou!
Year: 2018
Produced by: Jahmaj 7 - Schmdit L.
Lyrics by: Timozo + Camilignue

« Mwen se »
Mwen se vid anyen pa ka konble.
Abondans anyen pa ka kenbe.
Soufrans pèsonn pa vle eksperimante,
Doulè malad pa vle a andire.
Lapèn fon kè pa ka sipòte
Boulvès lavi pa rive eksprime!!!

M se montay larivyè pa ka bwote
M se ranyon sal dlo pa ka lave
Solèy pa ka seche
M se giyon k vini pou l rete
Viris ki pa ka dekole
Nan nanm ki pare pou revòlte.

Mwen se kè kontan pèsonn pa reve
Bèlte je pa ka kontanple
Silans pèsonn pa vle koute
Nòt mizik pèsonn pa ka jwe
Rekonfὸ nanm abandone.

Mwen se tout limyè je pa ka gade
Fenwa blakawout etidyan pa tolere,
Grangou zantray pa imajine
Konsyans lespri revolte
Swaf revolisyon ki pa janm pase.

Mwen se konsyans ki pa vann nan mache
Verite y’ap koupe kout je
Konviksyon yo pa ka manipile
Reyalite ki louvri tout je
M se bisantnè ki revòlte
Site solèy ki leve
Gran ravin k ap rele
Gran ravin ki kanpe
Petyonvil ki chofe
Kafou ki bloke
Gonayiv k ap minifeste!

.
Mwen se vwa san vwa yo
Memwa san memwa yo
Konsyans nan konsyans yo
M se lajwa k ap deplwaye
M se oksijèn k ap anvayi sèvo w
M se dlo bwad-chèn k ap desann
Pou dezabiye leta k ap souse
Ki pa sispann desann pantalèt diyite n.

Mwen se larezon yo pa vle tande
Mwen se randevou nou pa dwe rate.
Mwen se seremoni Bwa Kayiman
Mwen se 18 me
Mwen se batay Vètyè
Mwen se 1e janvye 1804
Kolon pa sispann pase anban pye.
Mwen premye 7 fevriye
Eksplwatè pa janm padone.

M se on pip k ap tann tabak
M se lespwa sila k anvi bat ba
M se fatra santi anba tounen ensanse
Pèsonn pa deside ranmase.
Mwen se sèvèl lamizè wouye.
M se prensip y’ap pase anban pye.

Nou se lajenes jilèt rouye.
Se la vyeyès poul mouye.
Nou s’on Leta kouto defile
k ap tranche gòj ti malere.
Nou s’on gouvènman zombi san tèt san kò.
Nou s’on nasyon toupi k ap fè toubiyon,
On k ap san vonvon ni lapatèt,
Mwen se timoun ti kabrit san mèt
Yo bliye Nan pikèt.

M se sa w panse ki pa sa
M se lanvè landwat
Twadegòch
M se loray kase
M se loray kale
Lè l tonbe frape nan ginen tranble.

Mwen se rèv ki pa ka detwi
Mwen se lespwa ki p’ap fletri
Mwen se jenou i p’ap janm flechi
Mwen se ou, ou se mwen
Espwa tout on peyi yo rele Ayiti.