Temwayaj • Tentation

ADDED BY TOUSH (NOV 27, 2016 AT 3:39 PM) 13,966 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Kite M Fè Chimen M
Year: 2016

Jou ale, jou vini
Pouki tout sa mwen di w toujou doute
Gade mwen e nan lespri mwen
Bouke kondane m
San w pa menm jije
 
Pa bezwen dimil pawòl
Ni pale an parabòl
Pa bezwen ofri w lò e dyaman
Pou m’ pwouve w vrè santiman m
Sensèman mwen devwe
Devwe pou n’ viv ade
Pou ou m’ aprann priye
Mande Bondye gide m
Ede m tanpri
 
Ban m yon chans pou mwen pwouve w
Kijan mwen pap neglije w
Mwen toujou ret bò kote w
Lanmou sa fè mwen obsede
Non non non non, yeah eh eh
 
Pa bezwen dimil pawòl
Ni pale an parabòl
Pa bezwen ofri w lò e dyaman
Pou m’ pwouve w vrè santiman m
Sensèman mwen devwe
Devwe pou n’ viv ade
Pou ou m’ aprann priye
Mande Bondye gide m
Ede m tanpri
 
Avè w mwen vle ye
Avè w m’ ap panse
Avè w mwen wè vi mwen
Se ou kè mwen vle
Se ou nanm mwen vle
Tanpri aksepte mwen (BIS)
 
Mwen vle temwaye siksè m avè w
Pou ou mwen konvèti pou m pa fè sotiz
Se ou kè mwen vle o pli fon de moi-même
Se ou ki premye m se ou ki dènye m
Tanpri aksepte mwen
 
Avè w mwen vle ye
Avè w m’ ap panse
Avè w mwen wè vi mwen
Se ou kè mwen vle
Se ou nanm mwen vle
Tanpri aksepte mwen (BIS)
 
Mwen vle temwaye siksè m avè w
Pou ou mwen konvèti pou m pa fè sotiz
Se ou kè mwen vle o pli fon de moi-même
Se ou ki premye m se ou ki dènye m
Tanpri aksepte mwen
 
{ call conversation }
 
Vaner lè a rive vin selebre
 
Ten-ten-ten-tentation
Weya
Kite m fè chimen m tande
 
Ten-ten-ten-tentation
Weya
Men bon yayad…