[Kè]
Kiyès, kiyès
kiyès kap deside
An ayiti ki ensanse
Kiyès, kiyès
Kiyès kap destabilize
Kiyès kap domine
Kiyès, kiyès
Kiyès kap dirije
Ki pran pèp la pou egare
Kiyès, kiyès
Kiyès kap gouvène
Ki pran pèp la pou vyann sale (bis)
[Vès 1]
Kiyès nan peyi sa’k mèsenè
Kiyès ki toujou ap pwofite lavi chè
Kiyès kap finansye chimè
Kiyès ki vle lapè
Kiyès nan nou kap viv an ayiti ki fyè
Kiyès nan nou kap tann katastwòf pou nou fè bidjè
Pandan setan pèp la nan mizè
Kiyès k’entèlektyèl
Kape ranpe pou enterè
Kiyès ki genyen fyèl
Kap kontinye travay pou ayiti meyè
Nan yon peyi fòkè
Kote jistis ap vann pa ti goblè
Kiyès ki bon ak fo lidè
Kiyès kap dirije peyi sa ki mòdò fòkè
Kiyès,kiyès
Kiyès ki pran figi ayisyen pou dechè.
[Kè]
[Vès 2]
Kiyès kap piye nou
Kiyès sou pa pwogrè ’n kap piye nou
Kiyès, nou konnenn pou nou vote
Kiyès nan yo ki ka pote yon nouvote
Kiyès kap ranse, kiyès kap panse
Souple souplè peyi nou pou panse
Kiyès kap djagonnenn, kiyès nou pa konnen
Kiyès nan palman sa a, ki pap regle anyen
Kiyès, ki sousye de sante’n
Kiyès ki bann veterinè pou doktè’k pou swanye’n
Kiyès kap toupizi ti malere
Kiyès ki bann kaka poul pou ze
Kiyès ki koz kolera rantre nan peyi’m
Kiyès kap fin tande mizik sa ki pral chèche keyi’m
Kiyès kap dirije’ n ki meritel
Kiyès, kap kache idantitel
[Kè]
[Solo guitar]
Kiyès, Kiyès
Men se kiyès
Kiyès, Kiyès
Men dim kiyès (x2)







