Nan plas lank , m'ekri mizik sa ak san m'
aksan m' parèt grav , yo vann peyi a bay blan
kòm plan lè pou n' fè pwogrè n' chita sou ban divizyon
reyalite a telman manyak li bay tout bandi vizyon
vin' milyonè menm lè se poul ta bay manman l' pinisyon
lavi son konba konesans se pi gwo minisyon
Kiyès ki pa wè nan palman nou an chaje debil
kot kòb rekonstriksyon an pase? ebyen palem de Bill
y'ap palem de deal peyi , fwase m' paske m' te di l'
chache peri peyi m' , ajoute sou peripesi m'
m'geri lesprim, m' di mesi ak Millet Patrice
mizè kay rich, espwa fè sa k' jemi yè pa tris
Patrice di m'
" Monte vin pran daso politik,
fo kritik ou pa non w' sal kon neg mizè bay po li tik"
mo m' sinik , lajan pap ka fè m' wè defo li chik
toutan verite pa tabli, w'pap janm ka wè foli RICK.

Pale , pale , pale tout sak verite
pale pale demaske tout vye lide
panse lè yo vle bwè n' kou likid n'ap pè
yo bliye , si yo ba yo zam ki fè yo vin kidnapè
ale , pale , pale tout sak verite
pale pale demaske tout vye lide
yo rele n' bandi defwa menm avandra
yo pito pran pa etranje jete pa nou nan fatra

Menm nan mizik, gon prostitution de l'art
y'ap proné seks dwog zam son assassinat de l'art
gen plis star ke artiste nan je n' yo met kandelam
mpa bezwen star m'son artist m' met tèt mwen nan camp de l'âme
lè w. bon souvan yo bòykote w', yo pran w' pou krezi
ou sezi ?nou fè twòp negativite pou plezi
yo vle flòch kreyòl la , anglè kounya vin tounon new look
toutan gen disip tankou m' verite pap ret nan djakout
n'about , ann fon lame pou barikade obstak
gade gwo frap sèten DJ bay kilti nou gro tak
yo sa k' fe nan spò n' renmen an n' toujou anreta?
n'ap briye nan Football selman lè Jean bay Dadou vag
pran grad ou black, depiw gen souf met an gad tout sak
vle devyew de la pawòl, k'ap fè n ' met nan kaj tout Krab ahh
demokrasi maske kou siga ak bòz, gou vi sa atwòs
nèg ap goumen pou viza ak fòs (Bann visye)

Pale , pale , pale tout sak verite
pale pale demaske tout vye lide
panse lè yo vle bwè n' kou likid n'ap pè
yo bliye , si yo ba yo zam ki fè yo vin kidnapè
Pale , pale , pale tout sak verite
pale pale demaske tout vye lide
Nou gen twop fi ki nan pwostitisyon
menm yo menm ankò yo la ap ankouraje koripsyon

M'fè atansyon pou tantasyon pa fimen m' ,
si m' santi bon se motif aksyon m' motivasyon k' pafimenm
m'pa fi men, sa kap pase yo touche m'
lanmou nan bese triye se sa menm ki pouse m'
Anna gen 16 ans li vyèj tout katye a ap ri Anna
Suzie gen 14 chaje nèg sipèsta kou Rihanna
e kouny'a la li gwòs manman l' pa ka di l' anyen
se li k'ap okipe kay la ak anbal pou monnen
se byen domaj gwòs li se pa li , sida li se pa l'
tout neg net vire do ba li aksyon pasel ki se kwal
Ak tout inifòm elèv yo nan pwogram after school
genyen k' pa peur avek pasteu l' lap bay madan pasteur kou
madan pasteur tou defwa konn ap jere ti jenn frè
si l' gen lekol menm se sa net li pap peye ankenn frè
annefè kò yon fi pa enpòtan pase kè l'
verite a la poul pale menm lel reveye sekèl

Pale , pale , pale tout sak verite
pale pale demaske tout vye lide
se nomal pou bann sa n' merite a
ou ka tiye nou tout men se pa verite a
Pale , pale , pale tout sak verite
pale pale demaske tout vye lide
Ed Daliriks , ABG verite a fet an senfoni,
so li touche nanm kounya
yo Dave chapo.
Join Our Haitian Lyrics Community & Earn Rewards!

Become a contributor and share your favorite lyrics

Not only will you get to contribute and connect with other music lovers, but every time you add lyrics, you earn points! celebrate the beauty of Haitian music while unlocking awesome benefits. The more you contribute, the more you earn! Don't miss out! Be part of a community where your love for music pays off!Join Wikimizik
hero

What's Wikimizik

WikiMizik explains Creole music songs. Konpa, zouk, kizomba, racine, kanaval. You name it.Jam to your favorite tunes. Share the lyrics and your interpretation of your favorite lines. Just click the line and add your explanation. It can be a couple of sentences, a picture, or a video. Or all three.Anyone can create an account. And anyone can comment on other explanations.We know what's gibberish to some is deep to others. Together we'll tell the hidden story in every lyric, slogan, and shoutout. It's simple...
  • 01Add Songs
  • 02Add Explanations
subsc
Help us move the culture forward

Artists, Share Your Lyrics and Celebrate Haitian Music Worldwide

WikiMizik is the go-to platform for exploring the rich diversity of Haitian music, including konpa, zouk, kizomba, racine, kanaval, and more. By sharing your lyrics on WikiMizik, you not only help preserve the essence of Haitian music but also make it easier for fans around the world to connect with your artistry. Adding your lyrics enriches the cultural archive and allows listeners to fully appreciate the depth and meaning behind your songs. Your participation helps showcase the beauty our music to a global audience while giving your work the recognition it deserves.There are two simple ways to share your lyrics with WikiMizik. First, you can create an account on our website and upload the lyrics yourself, ensuring they are accurately represented. This approach also allows you to engage directly with our community. Alternatively, if you prefer, you can send the lyrics to us via email at wikimizik@gmail.com, and our team will handle the rest. Join us in celebrating and preserving Haitian music by contributing your lyrics today!
hero