Se Kreyòl Nou Ye • Boukman Eksperyans

ADDED BY TIZER (OCT 30, 2015 AT 10:26 AM) 20,650 VIEWS EDIT

Genre: Rasin
Album: Vodou Adjae
Year: 1991
Lyrics by: Eddy François

Nan mache pwomennen chèche,
M rankontre yon ti zanj ki di mwen: se Kreyòl nou ye
Lè m rete mwen gade andan mwen menm vin wè ke se yon verite
Se Kreyòl nou ye

O o o o

Ayisyen yo pito pale Franse olye yo pale Kreyòl
Ayisyen yo pito pale Angle olye yo pale Kreyòl
Ayisyen yo pito pale Panyòl olye yo pale Kreyòl
Ayisyen yo pito pale Franse olye yo pale Kreyòl

Se menm nou menm nan
Wi se menm nou menm nan, Kreyòl nou ye
Se menm nou menm nan
Se Kreyòl nou ye, n pap janm wont sa
Se menm nou menm nan
Nati Kongo nou ye, sa n pral fè la
Se menm nou menm nan
Dayati Kongo nèg Ginen, nèg Nago
Se menm nou menm nan

Anmwey Jan Petro, nèg Dahomey, nèg Kongo yo
Se menm nou menm nan
M di se Kreyòl nou ye
Se menm nou menm nan
M di se Kreyòl nou ye
Se menm nou menm nan
Se Kreyòl nou ye

Ayisyen yo pito pale Franse olye yo pale Kreyòl
Ayisyen yo pito pale Angle olye yo pale Kreyòl
Ayisyen yo pito pale Panyòl olye yo pale Kreyòl
Ayisyen yo pito pale Franse olye yo pale Kreyòl

Wi se menm nou menm nan, Kreyòl nou ye
Se menm nou menm nan
Nèg Nago nou ye, sa n pral wont la
Nati Kongo nou ye, sa n pral fè la
Se menm nou menm nan
Dayati Kongo nèg Ginen, nèg Nago
Se menm nou menm nan
Anmwey jan Petro, nèg Dahomey, nèg Kongo yo
Se menm nou menm nan
M di se Kreyòl nou ye
Se menm nou menm nan
Ala n pap janm wont sa vre
Se menm nou menm nan
Jamayiken nou ye
Se menm nou menm nan
Trinidyaden nou ye
Se menm nou menm nan
Gwadloupeyen nou ye
Se menm nou menm nan
Se Brezilyen nou ye
Se menm nou menm nan
Soufle twonpèt di se Kreyòl ou ye
Se menm nou menm nan
Ala n pap janm wont sa

Kote w soti –Lafrik
Kote w prale
Kiyès ki manman w – Lafrik

Se Kreyòl nou ye
Woyoyoy Ye ye ye ye

Ayisyen yo pito pale Franse olye yo pale Kreyòl