E Si'l Pavle Vini • Tiga Jean Baptiste

ADDED BY NATOU (DEC 20, 2014 AT 8:52 AM) 17,160 VIEWS EDIT

Genre: Rasin
Year: 2014
Lyrics by: Tiga Jean Baptiste

Se pa sa nou te vle
Se pa sa n’ap chèche
Men se sa yo ban nou
Apa n kite colon ap ba nou Jezi toujou
Padan yap pran vodou
Yo di n vodou se djab nou konnen se pa vre
Men se yo menm ki djab
Yo fèn kite lajan pran nou mennen’n ale
Ale kite lanmou

Depi m piti nap banm Jezi – yo banm Jezi
Ou mèt dòmi nan lari – ou èt dòmi nan lari
Nou pa janm montre’m lakou Soukri – montre’m lakou Soukri
Men pouki se nou kap soufri – pouki se nou kap soufri

Ayisyen yo di vlope’m mare’m, antere’m nan vie nat la
Si poum ta mouri san Jezi mta pito dòmi sou nich pay la

Colon – Jezi pa vini
Masakre Cite Soleil – Jezi pa vini
Minista pot kolera – Jezi pa vini
Sida tou patou – Jezi pa vini
Ogu Vera come – Jezi pa vini
Damballah come – Jezi pa vini
Men ti ginen yo come – Jezi pa vle vini
Hey lame come – Jezi pa vle vini

Kite mizik sa woule pou timoun yo tande’l
Pou lemond ka avanse
Pa montre yo lagè an nou ba yo plis lanmou
Pou demen ka pi bèl

Jezi pa vle vini – Jezi pa vle vini
Mechan yo kraze Africa – Jezi pa vle vini
Ougan rayi ougan – Jezi pa vle vini
Manbo rayi manbo – Jezi pa vle vini
Tout pastè se travayè kolon – Jezi pa vle vini
Nou vin nan peyi’m nou kidnape frèm – Jezi pa vle vini
Yo ba nou goudougoudou – Jezi pa vle vini
Kolon yo vle pran Ayiti vre – Jezi pa vle vini

Vlope’m mare’m, antere’m nan vie nat la
Si poum ta mouri san Jezi mta pito dòmi sou nich pay la

Ayiti goudougoudou – Jezi pa vini
Senegal goudougou – Jezi pa vini
Zimbabwe goudougoudou – Jezi pa vini
Tonnè boule’m mpa konn ki jan m fè sou latè – Jezi pa vini
Tonnè boule’m mpa konn ki jan m fè sou latè – Jezi pa vini
Tonnè kraze’m mpa konn ki jan m fè sou latè – Jezi pa vini
Oh oh – Jezi pa vle vini