Mizè Pèp Sa A • Eddy François

ADDED BY TIZER (JUN 13, 2015 AT 3:46 PM) 13,283 VIEWS EDIT

Genre: Rasin
Year: 2000
Lyrics by: Eddy François

Ouvè baryè jete ti dlo la
Papa Legba, klere chimen la
Pou Eddy ka chante pou yo la
Se vre, bagay la serye, peyi a pran nan sèf o
Se vre, bagay la serye, peyi a konn koule
Depi tan n ap chèche pou n ka wè limyè
Moun sa yo deside pou n pa janm wè klè
Alèkile moun sa yo pakab negosye

Koze pèp sa a, se sa k fè l kondane
Mizè pèp sa a pap janm fin pale

Premye Janvye lan 2000 nou pat janm kwè sa
Yon bato Ayisyen k rive Miami
Blan Meriken deside pou yo pa jwenn lavi
Koze pèp sa a pap janm fin pale
Ey, mizè pèp sa a rive douvan Bondye

Se sa k fè m rele, m di:
Eya, eya, eya
Rele eya, eya, eya
Chante eya, eya, eya

Mizè pèp sa a pap janm fin pale
O mizè pèp sa a rive douvan Bondye

Monsenye ou menm ki moral vil la, pale yo
Fò n pale
Etidyan yo, nou wè sa k ap pase la a, fò n pale
Fò n pale
Entèlektyèl yo, nou menm ki di n save la, pale yo
Fò n pale
Manbo, ougan yo, wa ba yo komisyon sa a pou mwen
Van divizyon sa a, se touye l ap touye n o
W a di yo, Ayiti pap pot chay sa a tande

Ayiti o, podyab o
Ayiti, m ap rele
Ayiti o, podyab o
Ayiti m ap kriye
Ayiti o, podyab o
Tout sa ki bon ke ou fè yo pap onore yo
Se sa k pa bon an yo vle lage sou do w la se vre

Sa n fè yo, san fè yo devan Bondye
Sa n fè yo (Ey sa n fè yo vre)
Sa n fè yo, sa n fè yo devan lèsen
Sa n fè yo

Moun sa yo kanpe devan pòt la
Yo di nou pap pase tande
Sa n fè yo la

Sa n fè yo, sa n fè yo devan bawon
Sa n fè yo (ou pa ta di se poch)
Sa n fè yo, sa n fè yo devan lèsen
Sa n fè yo

Moun sa yo kanpe devan pòt la
Yo di nou pap pase tande
Sa n fè yo la
Sa n fè yo vre

Wa ya ya ya yay
Wa ya ya ya yay
Wa ya ya, m pral pale pawòl la
Wa ya ya ya yay
Wa ya ya ya yay
Wa ya ya, m pral pale koze a

Moun sa yo kalipòt yo ye (sa l ye)
Babilòn yo ye (se sa yo ye)
Van tanpèt yo ye

Se sa k fè m rele, m di:
Eya, eya, eya
Rele eya, eya, eya
Chante eya, eya, eya

Mizè pèp sa a pap janm fin pale
O mizè pèp sa a rive douvan Bondye

Fanm vanyan yo, nou menm ki fos peyi a fò n pale
Fò n pale (ou pa ta di se poch)
Timoun yo, nou menm k avni peyi a, fò n pale
Fò n pale
Peyizan yo, nou menm ki konn peyi a, fò n pale
Manbo, ougan yo

Ayiti o, podyab o
Ayiti, m ap rele
Ayiti o, podyab o
Ayiti m ap kriye
Ayiti o, podyab o
Tout sa ki bon ke ou fè yo pap onore yo
Se sa k pa bon an yo vle lage sou do w la se vre