Petrocite • Jimmy Jean Felix

ADDED BY JEWIPA (AUG 24, 2018 AT 2:26 PM) 4,838 VIEWS EDIT

Genre: Rasin
Album: Jimmylogy
Year: 2018
Featuring: Berthe Lamour, Jean Dorvil, Mario Morose, Suze Raymond, Fernand
Produced by: Jimmy Jean Felix
Lyrics by: Jimmy Jean Felix; Music: Jimmy Jean Felix

Petrocité

Ye, ye, ye, ye
Kòb lespwa ti moun yo
Ye, ye, ye, ye, ye
Kot avni Granmoun yo?
Ye, ye, ye, ye
Se sou nou’l pral tonbe
Ye, ye, ye, ye
E se nou’k pral peye.

Kote lajan’n pran sou do ti moun yo?
Sa’n regle pou moun goudougoudou yo?
Ki devlopman nou fè ak milya yo?
Bati lotèl sou pil fatra yo.

Nèg yo manje rezon-m mwe
G-on-w zo pwason-k pral kwoke nan gòj yo

Kote tout lò gen anba sousòl yo?
Kote travay pou moun karakòl yo?
Pou di se blan’k tounen vinn plen bòl yo?
"Blan mannan"
Sou do lepèp, sou ti moun lekòl yo.

Rakèt, rakèt, rakèt, raketè

Se pa Jodi nèg yo ap gade wo.

G-on-w kòb shanggo-k chwe nan men yo ye.

Pèp la nan dòmi,
Li gen pou-l reveye.

N’ap plimen poul la zafè si’l rele
Pèp reziye, kite mele
Yo di ankèt la pap janm abouti
Pito nou lèd nou la se sa yo di

M’gen oto blende, mwen pwoteje, mwen sekirize
Kale dada mwen jan mwen vle
Leta ap peye.

Ki te mele’m s’on dèt nou dwe, sa pa gade’m
Blan’an di’m danse PETRO’m jan’m vle
Pèp la ap peye.

“-M-nève, m-santi-m nève, m-santi-m nève.
-Sa-k fò-w nève?
-Nèg sa yo, se mechan yo ye.”

Twòp lòbèy nan peyi mwe
Twòp fatra nan peyi mwe
Twòp vòlè nan peyi mwe
Fò BonDye di yon mo.
Twòp pwoblèm nan peyi mwe
Twòp salte nan peyi mwe
Sitirè nan peyi mwe
Fò pèp la di yon mo.

Kòb volatilize
Nan men yo fò’n chache yo
Lajan’k evapore
Nan men yo fò’n chache yo
Lamama yo lave
Nan men yo fò’n chache yo
Kòb awousa rale
Nan men yo fò’n chache yo.

Pawòl ak mizik: Jimmy Jean Félix
March 02, 2018