Mwen Pare • M-Log

ADDED BY ROBANELJEAN (OCT 24, 2017 AT 2:29 AM) 10,746 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Produced by: HL Record
Lyrics by: Www.radiotvflash.com

Rap mw pa frèt nivo yo pito ki ba
M’vinn lage siw fache apa, fon rive pi ba
M-Log Rap la son dyaman plis l’ansyen l’pap gen pri ba
Siw kwaze yn M.C dil ka kraze’l mande’l ak ki flow ki ba

Mpa fòse Rap
Se li ki fòse’m Drop
Lè’w di’m rèd s’on pleyonas pran dada bal 2 tap
Yap fè back epi yo panse yap ka
Block sak kap kenbe’m ti pap nan men’w men lap vini pou li n’poko gen frap

M’vin tou fache, flow m son baton chè k’fè tout mache
Se lanse m’lanse mbap m’tranche sou sa’k panche m’son mache rache
Avan Mixtape la tap fèt yo dim oh pat gen Rapè
Fòk pal’anpil la ta frèt cité a pra’l gen lapè

Gen k di yo di yo rèd menm pa wè ki flow yo gen
Medyòk tèt rèd fèm bay yo pifò lè gen
Rapè ransè fè fàn panse pou panse sanse npa gen Brain
Map byen pase yo trakase vibe sa pa ase yo trepase neggow glase fon deplase sese sese mbay rap Again

Refren:

Machandiz mwen pare rap kreyol pare panye
Konsyans trap hard mizik yonn nan yo pa epanye
Yo tap fè bri kouri pandan m’tap prepare
Rap mw an two rèd mesye fon jan chèche konn sa m’pare

M’Pare ! Chèche chèche ! chèche konn sa m’pare
Neggo M’Pare ! Chèche chèche chèche konn sa m’pare
M’Pare ! Chèche chèche chèche konn sa m’pare
Di yo M’Pare, m’pare pou tout sa’k panse yap ka bare

Vers 2:

Rap Son syans sosyal m’wet nan bosal mo sal Mpot style dans la Salle/
Wè Pwam fon rara, m’son MC ra an solo m’fon konba
Pare poun kwaz’ak loraj tout MC k’ fose’m Clash
Map finn konfime’m a Raj sou rap poul Pouse’m Cash

Jan moute sou beat son tato gato k’pat o plato tankou pato mato
Mwen jis f’on pa to poum epate’w poto denonsew tankou kato toto
Pa fwa gen flow lage m’tande yo di maji
Depi yon beat droge m’gen mil mo k di’m aji

Si’m pi hot ke ou fò’w pa fache papa
Wi m’pi high ke nou Aigle pa mache a pa
Mpa care non! lè yo dim gen fake kap chèche Diss M-log,
Mpa gen tan pou chalatan m’gen enpotan de tanzantan, m’analize, m’reyalize, mpa nan mize a Dog

Rap mw son frap trap
Hot!
Sinonim tt sak fon fat fat.
Mpot yon slap pou 36 Pape
Masak ap
Sou tout sak drop
Nan nivo taptap
Map flap
Sans Rap sa nou tap chèche a m’gen plis k’on dread Rasta

Pa gen wout pa bwa
Sak zorye pa dra
Tout sak pa nan dwa
Kwense a
Negoo you see now i’m à star!

Refren :

Machandiz mwen pare rap kreyol pare panye
Konsyans trap hard mizik yonn nan yo pa epanye
Yo tap fè bri kouri pandan m’tap prepare
Rap mw an two rèd mesye fon jan chèche konn sa m’pare

M’Pare ! Chèche chèche ! chèche konn sa m’pare
Neggo M’Pare ! Chèche chèche chèche konn sa m’pare
M’Pare ! Chèche chèche chèche konn sa m’pare
Di yo M’Pare, m’pare pou tout sa’k panse yap ka bare

By: Robanel Jean