M' Wè Trop • Flake Dzine Le Lyriciste

ADDED BY FLAKEDZINELL (MAR 23, 2016 AT 2:27 PM) 19,451 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Coming Soon
Year: 2016
Produced by: Shubeats / Fred Hype / LMG
Lyrics by: Flake D'zine Le Lyriciste

M’ Wè TROP

[INTRO]
It’s Flake D’zine Le Lyriciste (se mwen menm)
Track sa se pou tout Ayisyen ki bèbè yo e ak tout swadizan dirijan ki soud ak avèg yo...

(LYRICISTE MUSIC GROUP Niqqa) listen……………..

[Verse 1]
Ayisyen de partout prete m zorèy nou yon TI TAN
Trop bagay m’ we chak jou ki banm plis fos ke yon TITAN
Pou’m denonse sak fe peyi m vin ETA SA
Yo di nou nou lib,yo di’n gen dwa kibo, Nan ETAT SA ?
Depi m konnen mwen FET
M’ we trop soufrans e mwens FET
M’ we trop moun anvi PATI
E mwens moun panse pou PEYI
M’ we trop te ki LIB pase te ki KILTIVE
Eske tout bon nou LIB, Eske’n gen KILTI VRE ?
M’ we trop ENJISTIS, M’we trop jij renmen LAJAN
Nan ministe JISTIS, la koripsyon gen plis AJAN
Gen trop enkonpetan ki nan CHANM ANWO ak CHANM ANBA
Pandan pep la ap manje PEN CHECH ,dirijan’n yo nan CHAMP MANBA
M’ we trop etidyan swiv kou nan MOVEZ KONDISYON
Trop jen ki pap travay poutet kap banir KORIPSYON
M’ we trop anplwaye lameri ki pa ka TOUCHE
Trop timoun ak vyeya menn se sou plas ki ap KOUCHE
M’ we trop direkte ak elev kap fe fo KANE
Koman’w ta vle moun sa vin chef demen pou’l paf e frod CHAK LE
M’ we trop koripsyon nan APN ak DGI
Lot nasyon diplôme’n paske nan sa nou se GENI

M’ we trop polisye kap sekirize ‘k san SEKIRITE
M’we trop prof kap montre w rout sikse nan vi a ki ECHWE
E’ m we trop group ki reyini chak jou ki pa gen INITE
Trop ti jen renmen swag ak Phone kounya ke DIYITE

[REFRAIN (bis)]
Li le pou’n fouye tou mete je we bouch PE SA
Se sa ki koz jounen jodi peyi’n PEYE SA
Se le pou’n leve vwa’n byen wo di’n we trop KORIPSYON
Koz viris sa ba nou gratel kon pwel ki gen MOPYON

[Verse 2]
Nou pa dwe fe lach ANKOR
Se tout dwa’n pou nou di ASE
Koz peyi’n la ap mal MACHE
Se nou tout ki ANTOR
Se depi nan fanmi m’we trop dispute, trop chirepit , NO CHEF
Pase andan legliz m’we trop manti , trop patipri , TROP CHEF
Koman’w ta vle’n vin ye ? si’m we jenes la gen trop SAN
San proteksyon ,san fomasyon ,san vale et J’EN PASSE
Koman’w ta vle VI’N ye ? si m we nap viv nou manke SAN
Nou manke sante, n’ manke sanble, n’ manke sansib HELAS
M’we’n ouve je’n gran pou’n imite tout sa’n we nan TV
Pandan ignorans bouche je’n pou n pa we nap Mennen TI VI
Ti vi de pousye , de GRANGOU
Ti vi de rout yo’k plen GRAN TOU
Ti vi blackout , vi CHOMAJ
Ti vi pen chech san yon FROMAJ
M’ we trop sak ta dwe pale ke media yo pa OPINE
M’ we trop jounalis kap pale ke Karye pa yo PA DIRE
Pa gen peson ki HORS la Loi sa, fo’l fon MIZAJOU
Pou’w we menm zanmi prezidan pran poz chef li nan VIZAJOU

M’we trop ENSANSE, Trop MECHANSTE
Trop fen manda san KOMANSE
Trop kondane ki pa JIJE
Trop procedure ‘k pa RESPEKTE
Trop eleksyon ki mal PASE
Trop vi jen Fi kap TREPASE
M’we trop dirijan MARYONET
Trop sitwayen ki MALONET
Trop majistra ki MALADRES
Trop pil fatra tounen ADRES
Trop mize, trop PEINE
M’we trop FO Priye, trop HAINE
Stop !! An’n leve vwa’ n byen wo di’n we trop ASE
Koz viris yo alimante’n tout jan kon kouran AC

[REFRAIN (bis)]