Noël • Bossa Combo

ADDED BY TIZER (NOV 19, 2014 AT 2:19 PM) 18,408 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Haiti
Year: 1981
Produced by: Rodrigue Toussaint

Joyeux Noël, Merry Christmas, Feliz Navidad

[Verse]
Se jou sa a menm Bondye kreye
Pou tout moun ka fete
Pou tout timoun gen jwèt nan men nou
Revolvè dlo chaje vinèg
Machann pate antrave
Tout Azibe, tout Melanie deyò, y’ap fete Noël

[Hook]
Joyeux Noël, Merry Christmas, Feliz Navidad
And Happy New Year

[Verse]
Bwesonyè yo fin debòde
Reveyon lakay
Anbyans gaye y’ape fete Noël
Sa k pral nan bal, sa k pral legliz
Vil Pòtoprens klere wo
Tout radyo ouvè y’ape chante Noël

[Hook]
Joyeux Noël, Merry Christmas, Feliz Navidad
And Happy New Year

[Horns]
Jwaye Nwèl wi
Bonne année

Joyeux Noël, Feliz Navidad
Doudou w’ap fete

Nwèl ale, Nwèl tounen
Ane pase m’te fete nwèl
Nwèl ale, Nwèl tounen
Ane sila a m’ap fete nwèl
Nwèl ale, Nwèl tounen
Ak vye zanmi m yo, m’ap fete nwèl
Nwèl ale, Nwèl tounen
Nwèl se fèt pòv, se fèt rich
Nwèl ale, Nwèl tounen

M’ap chante Nwèl
Joyeux Noël, Feliz Navidad

[Guitar solo]
Bonne année wi

Nwèl ale, Nwèl tounen
Se sèl epòk granmoun tounen timoun
Nwèl ale, Nwèl tounen
Yo pasa reziste tèlman jwèt yo bèl
Nwèl ale, Nwèl tounen
Ou gen enpresyon gen lajwa nan lemond
Nwèl ale, Nwèl tounen
Lè tout timoun yo gen yon ti joujou nan men yo
Nwèl ale, Nwèl tounen
Anmwey
Nwèl ale, Nwèl tounen

[Horns]

[Keyboard solo]

Pito chak jou se te Nwèl
Lè sa a pa gen siveyans
Pito chak jou se te Nwèl
Manman, papa pral lamès minwi
Pito chak jou se te Nwèl
Kay la vid, nou ka fè sa n pito
Pito chak jou se te Nwèl
Nwèl…

Pito chak jou se te Nwèl
Reveyon a goch, reveyon a dwat
Pito chak jou se te Nwèl
N’ap bwè bweson nou, n’ap fete Nwèl
Pito chak jou se te Nwèl
N’ap balanse peta nou n’ap fete Nwèl

Nwèl ale, Nwèl tounen
Ane pase m’te fete Nwèl
Nwèl ale, Nwèl tounen
Ane sila a m’a fete Nwèl
Nwèl ale, Nwèl tounen
Ak vye zanmi m yo, m’ap bwè bweson
Nwèl ale, Nwèl tounen
Reveyon tout kote, m’ap fete
Nwèl ale, Nwèl tounen
Anmwey

[Horns]

[Outro]
Etwal la te briye, twa maj yo te kouri ale
Se sèl jou nan ane nou wè tout dyab yo prostèrne