[Chorus]
Madmwazèl
Gen de bagay menm sim ta diw pap kwè
Gen de batay ki pap janm vo lapèn
Men gen nan yo fò pozisyon ou klè
[Verse]
Vès ak kòl
Yon kouvèti ki kouvri zak ak vòl
Vès ak kòl
Yon rido ki bare deal zam ak dwòg
[Chorus]
Madmwazèl
Gen de bagay menm sim ta diw pap kwè
Gen de batay ki pap janm vo lapèn
Men gen nan yo fò pozisyon ou klè
[Bridge]
Chay sa twò lou
Sa kap edem pote l
[Verse]
Vès ak kòl
Yon kouvèti ki kouvri zak ak vòl
Vès ak kòl
Yon rido ki bare deal zam ak dwòg
Eleksyon rive
Tout nèg yo byen fre
Panse nou bliye
Tout sak te pase
Dim kote kòb la pase
Èskel gentan depanse?
Ta sanblel gentan pase
[Chorus]
Madmwazèl
Gen de bagay menm sim ta diw pap kwè
Gen de batay ki pap janm vo lapèn
Men gen nan yo fò pozisyon ou klè
Madmwazèl
Menm sin pa pale ou toujou sou kèm
Ta sanble batay la se kont pwòp frèn
Gen plis detay sim baw kap kraze kèw
[Bridge]
Chay sa twò lou
Sa kap edem pote l

