[Intro]
Hm hm
Teddy Hashtag
Perfect Beat
[Chorus]
Yo sezi wè m fè tatou, pou mwen wè w chak jou
M vle figi w swiv mwen patou zanmi m yo di m fou
Men m renmen w, m renmen w
O, wi mwen renmen w
(2x)
[Verse 1]
Wi m renmen w
M anvi w konnen janm kontan genyen w - O, kontan genyen
Se ou menm ki fè m fè konesans avèk lajwa, lanmou
M pa nan plenyen
Wi m bezwen ou - m bezwen ou
Se mwen k pou di w jan ou fè m santi mwen (santi mwen)
M anvi mache di tout moun kè w se pou mwen
Ou met banm menw, nou pral lwen, an an
[Chorus]
Yo sezi wè m fè tatou, pou mwen wè w chak jou
M vle figi w swiv mwen patou zanmim yo di m fou
Menm renmen w, m renmen w
O, wi mwen renmen w
(2x)
[Verse 2]
M pa konn sa k fè w renmen m?
Menm konn byen sa k fè m renmen w?
Ou se rezon menm ki fè m renmen
M paka ka pe lage kè m nan men w, e kè m nan men w
Fè sa w vle avè m
Y ap di m fè kove zafè, men mwen m renmen afè m
Menm si w afè sanblan, ou te met fè l pou lontan
Paske kè mwen kontan e si apron tan
Ou ta renmen m pou tout bon
N ap ansanm pou tout tan gen tan
Fè sa w vle avè m
Y ap di m fè kove zafè, men mwen m renmen afè m
[Chorus]
Yo sezi wè m fè tatou, pou mwen wè w chak jou
M vle figi w swiv mwen patou zanmim yo di m fou
Menm renmen w, m renmen w
O, wi mwen renmen w
(2x)







