[Intro]
Li gen twòp tan l ap sibi
Twòp tan l ap monte mòn sa pa back
Li gen twòp tan l àp soufri
Twòp tan
[Verse 1]
Revolisyon an rive
Kè timoun yo chanje
Ilizyon an tonbe
Machè pa ka kanpe
Sispann ba nou jòf
Nou pa mande twòp
Pa vle diskisyon ki san aksyon
Menm lè gen diskisyon nou ka gen linyon
Ki ba nou fòs s on lòt opinyon
Kè nou louvri kè nou souri
Li pap kouvri se yon misyon
Je nou beni vizyon nou geri
Yon pwofesi pou yon nasyon
[Pre-Chorus]
Oh ayibobo
Ann ale ann ale
Limyè pou Ayiti
[Chorus]
Kite tanbou a bat
Ann fè plis bri pou yo ka tande
Linyon fè lafòs woy hm hm
Rasanble se Ayisyen nou ye
Kite tanbou bat
Ann jwe mizik pou lanmou gaye
Linyon fè lafòs woy hm hm
Rasanble se Ayisyen nou ye
[Verse 2]
Konbyen fwa pou n ap panse n pa ka rive pi ba
Konbyen fwa n rekòmanse men bagay yo pi mal
Anpeche yon nasyon fè rèv fè l pèdi espwa
Konbyen fwa ah woy
Konbyen fwa nou konstwi men nou kraze boule
Konbyen n ap kite yo kontwole n san reyalize
Ke se sa yo vle, wi se sa yo vle plizyè fwa
[Chorus]
[Verse 3]
Revolisyon an rive
Kè timoun yo chanje
Ilizyon an tonbe
Machè pa ka kanpe
Sispann ba nou jòf
Nou pa mande twòp
Pa vle diskisyon ki san aksyon
Menm lè gen diskisyon nou ka gen linyon
Ki ba nou fòs s on lòt opinyon
Kè nou louvri kè nou souri
Li pap kouvri se yon misyon
Je nou beni vizyon nou geri
Yon pwofesi pou yon nasyon
[Pre-Rara]
Oh ayibobo
An nou rasanble wo
[Rara]
[Outro]
Ayisyen pale konsa
Ayisyen mache konsa
Ayisyen danse konsa
Sa w gen w rayi m konsa