[Verse 1]
Ou te mete m nan on kalòj
Sa pat ase 
Ou te kase zèl mwen 
Men l repouse 
Ou te mare mwen 
Kòd la kase 
Kòd la kase!
[Bridge]
Zwazo pa kriye 
Chante l chante
Mwen diw pwason pa nwaye 
Naje l naje 
Men m si w posede latè 
Yon jou ladann wap rantre
Van w pap ka kanpe 
Sou ou la p soufle 
[Kè]
Bondye pwoteje pwoteje pwoteje mwen
Men moun yo fache yo sòti pou touye mwen 
Ginen yo kanpe yo di sa pap pase
Men m ap pase 
Men m ap pase 
Bondye pwoteje pwoteje pwoteje mwen
Men moun yo fache yo sòti pou touye mwen 
Ginen yo kanpe yo di sa pap pase
Men m ap pase 
Men m ap pase 
[Chorus]
Pwoteje mwen
Pwoteje mwen 
Depi gen van tè dife dlo m ap chape 
Depi gen fèy gen kafe m ap chape 
Depi gen van tè dife dlo m ap chape 
Depi gen fèy gen kafe m ap chape 
[Bridge]
Bondye pwoteje pwoteje pwoteje mwen
Men moun yo fache yo sòti pou touye mwen 
Ginen yo kanpe yo di sa pap pase
Men m ap pase 
Men m ap pase 
[Kè]
[Verse 2]
Depi gen van tè dife dlo m ap chape 
Depi gen fèy gen kafe m ap chape 
Depi gen van tè dife dlo m ap chape 
Depi gen fèy gen kafe m ap chape







