Yolande si w te panse 
Se pa konsa ou ta revoke mwen
Yolande bèl ti cheri mwen
An verite ou manke kouraj
Ou pa bezwen jennen 
Ou mèt di mwen ke w g on lòt boubout
Ou pa bezwen jennen 
Ou mèt di mwen ke w g on lòt matcho
Yol Yol mwen tap konprann
M tap retire kò mwen malgre mwen m renmen w
Yol Yol mwen tap konprann
M tap retire kò mwen san diskisyon
Yon Mèkredi swa nou chita ansanm 
Wap di m sa w pa renmen 
Yon mèkredi nou chita a de
Wap di m sa w pa renmen
Mwen te reponn pa gen pwoblèm 
Tout sa w vle m vle tou 
pase m renmen w 
Mwen te reponn pa gen pwoblèm 
Tout sa w vle m vle tou Lavi m mande  
M pat janm gen kont avè w 
M pat janm derespekte w 
M pat janm dezobeyi w
Cheri mwen inosan
Mwen inosan nan revokasyon mwen 
Cheri mwen inosan 
Paske m pa fè w anyen
Lè w di non se non 
M pat janm replike 
S on fason pou m te viv avè w lontan whoa 
Yol mwen pa fè w anyen 
Ou revoke mwen san rezon
M pat janm gen kont avè w 
M pat janm derespekte w
Doudou w pata revoke mwen
Yol mwen pa fè w anyen 
Ou revoke mwen san rezon
Mwen te revoke on fi pou ou
Kounya w revoke mwen
Ou mèt tann demen 
Ya revoke w pou yon lòt
Yol mwen pa fè w anyen 
Ou revoke mwen san rezon
Ou revoke m revoke m san rezon
Maltrete m epi w kite m san rezon
Ou revoke w revoke mwen san rezon
[Flute]
Lè w di non se non 
M pat janm replike 
S on fason pou m te viv avè w lontan whoa 
Yol mwen pa fè w anyen 
Ou revoke mwen san rezon
San rezon cheri lide w di w pou w revoke mwen
San rezon mami lede w di w pou w kite mwen 
Yol mwen pa fè w anyen 
Ou revoke mwen san rezon
Ou revoke mwen ou kite mwen doudou
Jan m te damou w w ale kite mwen cheri
Jan m te renmen w gade jan w revoke mwen
Yol mwen pa fè w anyen 
Ou revoke mwen san rezon
W revoke m cheri mwen 
Wal kite m doudou mwen 
W revoke m cheri mwen 
Wal kite m 
Yol mwen pa fè w anyen 
Ou revoke mwen san rezon









