Li minwi lannuit yon dous krikèt ap chante
Yon ti van leve bote tout fèy ale lwen byen lwen
Fè m sonje premye fwa nou kontre
Fè m sonje premye fwa nou kwoke
Kouri men nan men jouk nou pèdi souf 
van bwote pafen w ale 
jou pase mache prese ni lekòl fini
Mwen tande bouch ou sou bouch mwen 
k ap di m pa rele w cheri
Ou te di m pa chita tann ou
Ou te di m ti chimen mennen lwen 
ou te di m konsa wa di m poukisa ou
Te di m konsa wa di m poukisa 
ou te di m kisa ou te di m
mwen sonje premye fwa nou kontre 
ou te di m ti chimen mennen lwen 
mwen konnen w pa vle lanmou mare pye w 
men pa bliye m te pale w 
si yon nou lavi mennen w tounen 
pa chache esplikasyon ban mwen 
ou te di m nou youn te fèt fèt youn pou lòt
Ou te di m pa chita tann ou
Ou te di m ti chimen mennen lwen 
ou te di m konsa wa di m poukisa ou
ou te di m kisa w te di m 
mwen sonje premye fwa nou kontre 
ou te di m ti chimen mennen lwen 
mwen konnen w pa vle lanmou mare pye w 
men pa bliye m te pale w 
si yon nou lavi mennen w tounen 
pa chache esplikasyon ban mwen 
ou te di m nou youn te fèt fèt youn pou lòt









