Yes man  Hahahahaha  
Ayyyyyyy 
Nou konn pran yon pozisyon
Nou kanpe poukont nou
Tout sa lòt di
Pa janm fè sans pou nou
Sa n di se li k pi bon
Nou toujou gen rezon
Wap lonje dwèt sou mwen
Map lonje dwèt sou ou
Pendan sitiyasyon ap agrave
Biznis la ap deteryore
Kote pwoblèm nan ye?
Eske se mwen, èske se ou?
[Keyboard Solo]
Yes man  ZENGLEN  
Nou toujou anle menm bato a 
Ayyyy  Men se kiyes li ye?
Kesyon an poze
Sel sa poun konstate makèt nou an ap bese 
(Breakdown)
Men se kiyes, men se kiyes ki pwoblèm nan?
Kiyes ki pwoblèm nan? 
Men se kisa, men se kisa ki pwoblèm nan?
Kisa ki pwoblèm nan? 
Men se nou tout, men se nou tout ki pwoblèm nan 
Nou tout ki pwoblèm nan 
An nou pran konsyans 
Li le pou konpa structure 
[Guitar Solo]
Bato depoze konpa
Bon  Ti mesye  Sak pase biznis nan la hein? 
Li vin n konn paste legliz te chaje
Pat gen kote pou moun kanpe
Kounya li nan desert lap preche
Fidèl yo ale 
Yon komesan pot boutik ouve 
Chak maten lap trasse veve 
Moun yo pa vini mande achete
Madanm saw pote?
Se vre biznis la bese nan le monde entye
Bagay yo vinn trè difisil
Pwoblem ekonomik tout kote n pase 
Tout moun ap plenyen main nan tet 
Min endistri mizikal nan tout lòt peyi 
Atis yo pa janm nan soufri 
Structure yon fason pou li ka toujou mache 
Li vin n konn paste legliz te chaje 
Pat gen kote pou moun kanpe 
Kounya li nan desert lap preche
Fidèl yo ale 
Yon komesan pot boutik ouve 
Chak maten lap trasse veve 
Moun yo pa vini mande achete
Madanm saw pote 
Se nout tout ki gen yon responsabilite 
Sispann fè vye akizasyon 
Mizisyen, medya, fanatik, ak pwomotè 
Ann fè yon solidarite 
Fok nou fon jan pou nou jwenn yon bon kompromi
Pou mizik nou an avanse 
Konpa se mizik Ayisien k pi populè ke nou tout danse ee 
[Horns]
Oolalalala  ZENGLEN 
Gouvenman  Nou tande 
[Keyboard Solo]
Hello komesan 
M achete sa deja  Paka vinn vann mwen l anko 
M peye l cash 
Le monde antye m pwal poze w yon kesyon la 
Qu est ce qu il ya? ZENGLEN CHERI 
Again anko  Kennyway a  Still 
Fanatik yo chante 
[Hook]
Nou gon pwoblem  
Se pa mizisyen selman gen pwoblèm nan biznis sa 
Nou gon pwoblem  
Se pa fanatik selman gen pwoblèm nan biznis sa 
Nou gon pwoblem  
Men se pa medya selman gen pwoblèm nan biznis sa 
Nou gon pwoblem  
Se pa pwomotè selman gen pwoblèm nan biznis sa 
Nou gon pwoblem  Se nou tout ki gon pwoblem  
Se chak jou mizisyen ap plenyen 
Nou gon pwoblem  Se nou tout ki gon pwoblem  
Fanatik ap plenyen 
Nou gon pwoblem  Se nou tout ki gon pwoblem  
Pwomotè ap plenyen 
Nou gon pwoblem  Se nou tout ki gon pwoblem  
Hmph 
Nou gon pwoblem  
Se pa mizisyen selman gen pwoblèm nan biznis sa 
Nou gon pwoblem  
Se pa fanatik selman gen pwoblèm nan biznis sa 
Nou gon pwoblem  
Men se pa medya selman gen pwoblèm nan biznis sa 
Nou gon pwoblem  
Se pa pwomotè selman gen pwoblèm nan biznis sa 
Nou gon pwoblem  Se nou tout ki gon pwoblem 
Mezanmi  Se tout moun kap plenyen 
Nou gon pwoblem  Se nou tout ki gon pwoblem 
Hello komesan 
M achete sa deja  Paka vinn vann mwen l anko 
M pap pran sa nan main w  
Anmweyyyyyyyyyyyy 
[Keyboard Solo]
Min konpa  Ja ja  Men konpa 
[Guitar Solo]
Gade ou mem  Pa banm soulye sa anko non 
Ou banm mwen nan bapteme  
Kanaval, bal, premye kominyon, anivese 
Van pase pran misye pou mwen
[Horns]
Moderne  Moderne  Moderne  
3eme chapit 









