[Hook]
Mezanmi m bare mennaj - mwen k ap twonpe m 
An plizyè fwa m kenbe l - mwen pa menm pale
Si m pale l ap mete m deyò
Lakay li m ye l ap okipe m 
Anverite sa ban m remò
Pa menm ka eksplike l wo 
[Verse]
Mezanmi mwen gen mennaj mwen ke mwen renmen anpil
Se nan bra l mwen te santi m byen lespri mwen te trankil
A li menm li te fè m kwè se mwen l renmen avi 
Epou m te nan erè a lòt djega l ap chill
[Hook]
[Keyboard]
Kite m jere mizè m 
Ou pa renmen l vre
Se mwen ki fè sa si kounya w ap maltrete m 
Se mwen ki fè sa si kounya w ap pyetine m 
Se mwen ki fè sa si ou ka derespekte m 
Se mwen ki fè sa si lanmou sa ap tuye m 
[Fantom]
Li soti lè l vle l rantre lè l vle anyen m pa gen dwa di 
Li konn avè m sou kabann nan li fè m wè m pa gen dwa di 
Li konn fè m pè manyen l tèlman manzèl ban m dan di 
Li konn anvi ban m verite konpòtman m fè l ban m manti
M konn jwenn li ak lòt gason pou m fache li ban m defi
M konn nan lari lè m antre sou kabann nan m jwenn de fi
Li menm konn fè m fè nwit blanch wa di se bodyguard li 
Bon sa nou vle m fè pye m ap mare si tout fwa m ta vle vag li
[Keyboard]
[Fantom]
S on manman poul ka foul nan je w li s on kwa 
Li pran m pou tchoul men m cool men m pa gen lot chwa 
Lè lòt nèg vin nan kay la pou yo l konn voye m achte 
M pa ka di way m konnen n pral di rekonesans se lachte
Ti kè m ti menm pi piti m sou kont li li se aktè mwen se bandi
Lòt moun ap ri di mwen crazy m two lazy
Si se te yo alè isi yo tap pete kouri 
Fòk mwen te ka tout fwa m ta ka 
M pap ba w manti m tap rete la
[Da-Marco]
M konnen n pral di li mare m 
M konnen n pral di l avegle m 
Kiyès ki kapab ede m 
ban m yon konsèy souple
M pa vle pèsòn kont mwen 
M oblije di nou kijan m ap viv 
Mwen renmen pou kont mwen 
Annatandan se la mwen ka viv woo 
[Keyboard]
Se mwen ki fè sa si kounya w ap maltrete m 
Se mwen ki fè sa si kounya w ap pyetine m 
Se mwen ki fè sa si ou ka derespekte m 
Se mwen ki fè sa si lanmou sa ap tuye m 









