Kalbas a mwen ap vire
Kalbas a mwen ap frape 
Adye wo
Vèvè trase sou mapou
Yon digo nan kafou adye
Chanprèl ap frape
Timoun ap rele
Lapli pa tonbe 
Wòch yap krache dife
Tidi idi umdu
[Instruments]
Kalbas a mwen ap sekwe 
San nan kò m ap vire 
Adye woy
Gen yon vwa nan tèt mwen 
kap pale kap chante 
Adye yo
Gran blan nan touman 
Gran blan tou de blan
Lap mare yon peyi 
Pou li fè nou zonbi
Tidi idi umdu
[Instruments]
[Keyboard]
Se nan dòmi m te ye 
Nou wè li n ouvri je n – se nan dòmi m te ye woy
Se nan dòmi m te ye – Yon rèv vinn sekwe m 
Nan dòmi mwen leve – yon rèv vinn chache mwen
[Instruments]
Se nan dòmi m te ye
Nan dòmi mwen tande – yo fè nou zonbi adye
Se nan dòmi m te ye – zonbi sou galri wo
Nan dòmi m ap gade
[Instruments]
Nou tout nan touman vre
Gran blan ap jwe kan
Lap mare yon peyi 
Pou li fè nou zonbi
Tidi idi umdu
[Instruments]
Se nan dòmi m te ye
Nan dòmi m kontaste – yap elimine m yap efase m 
Se nan dòmi m te ye
Nan dòmi yo sele m 
Se nan dòmi m te ye
Nan dòmi m pran gade
Se nan dòmi m te 
Nan dòmi yo jouke m
Tidi idi umdu







