[Verse 1]
Tu sais bien comment je t’admire
Pou ou m ta bay tout tirès sa m posede
Si lavi ta pèmèt mwen gen 
Yon mwayen pou m ta ede kòm sa dwa
Mwen ta ba w tout sa yon gason dwe bay fanm
Men pòch mwen pa fon 
Mwen jis fè sa m ka fè
[Chorus]
Jès sa vle di je t’aime
Menm lè m pa gen anpil 
Kanmenm m ap fè on ti jès 
Jès sa soti nan kè m 
Menm lè m pa gen milyon 
M ap jwenn on akoden
Jès sa vle di je t’aime
Menm lè m pa gen machin 
n ap soti sou moto
[Verse 2]
Tu sais bien tu es mon avenir
Mwen gen gwo rèv ki poko reyalize
Pran pasyans pou mwen ti cheri
Piga w koute konsèy zanmi ak fanmi
Se yo tout kap di ke mwen poko pare
Yo eseye kare w ak lòt nèg ki gen kòb 
[Chorus]
[Keyboard Solo]
[Verse 3]
Se pa tout moun ki gen chans
Relasyon k bati sou lanmou
Nou soti nan tout move enpas
Avan n te konn pran nan lanmou
Istwa nou trè diferan 
se sak fè m vin trè konfyan
nou gon avni k trè pwomèt
avèk pasyans n ap yon ekzanp
[Choir]
la patience est dur
mais sa recompense est toujours pure
la patience est dur
fò n pa kite eprèv menase lanmou n
[Keyboard Solo]









