[Verse 1]
Lè yo met ti sik sou poupou a pou ba'l gou dous 
Nou manje l' cuz li gen gou diri madan gougous 
Lè yo met mistolin nan dlo rigòl la pou sous 
San bouche nen nou bwè'l nou di thank you nou ba yo bout pous 
Men g'on bagay m' wè nou pa konstate 
Ki se richès peyi a ke yo fin bote san papye 
Menm mwen kap pot mesaj saa pou nou 
Trust me m' pa konn sa'l ye
Men pouki lè fo touris yo antre yo pa janm ale? 
Yo voye zam pou'n fè gè 
Pou yo ka vin met lapè
Pa wè s'on fason pou antre nan peyi'm san frape 
Nou chita la nou pa care, St Thomas pa wè'l pa kwè
Pandan bouboune peyi a fini nan bay chak moun f'on tape 
Yo jwe nan mind nou, vin lakay nou, pran bagay nou 
Kraze zantray nou, pran min lò ki nan fatra nou 
Pran pòz y'ap bay èd men s'on sistèm pou'n mande k' kreye 
Jiskaprezan yo a Bondye k' konn sa 12 janvye te ye 
[REFREN]
Pou touris ki pa janm ale yo m' di w 
Mèsi Blan 
Pou Pitit pèp la'w kondane yo m' di w 
Mèsi Blan 
Pou chèf leta m' ou egare yo m' di w 
Mèsi Blan 
Pou pwòp zafè'm wap fè'm kado yo m' di w
Mèsi Blan 
Pou touris ki pa janm ale yo m' di w 
Mèsi Blan 
Pou Pitit pèp la' w kondane yo m' di w 
Mèsi Blan 
Talè pou w pa vin joure'm engra m' di w 
Mèsi Blan 
Si nou konprann sa map pale yo di 
Mèsi Blan 
[Verse 2]
Kounya a n'ap di sa ti nèg saa gen la a? 
Sa l'ap rakonte la a? 
Oh! Misye fou? 
Nan ki dosye l'ap antre la a? 
Map antre nan sa'k gade'm 
Map montre jan sa fwase m 
Antre nan manman blan kap di 
Map boule nan sak pase m 
Non! Se pa nou tout wap ka vin bay pil BS 
Anba 2 baton dola goud la ap f'on pil ti S 
Yo fin pèdi Ayiti, y'ap chèche l' a GPS 
Lè yo jwenn li yo anchene l' 
Pou'm pe yo banm TPS 
Peyi'm te dou k'on mouton 
Yo met baka nan paradi an 
Yo konnen' n nan grangou 
Yo met kaka nan salami an 
Tout St Domingue te pou nou 
Kounya a nap kriye pou mwatye 
Nou pat vle lib 
Nou pat vle Jean 
Nou touye Jacques 
Yo ba n' Matye
Kounya a nap di m' fou 
Blan yo pap konprann sa l'ap di a 
Ou tap ri m' tande mazora e la' w pa fò a 
Gen moun se kreyòl li pale 
San ayisyen pa nan san l' 
Siw pa konn kiyès blan yo ye 
Lè'w ayisyen wa konprann 
[REFREN] 
[Outro)]
Si m' pat ayisyen m' pa tap byen 
Si m' pat ayisyen m' pa tap mwen 
Si m' pat ayisyen m' pa tap BRAiN 
But guess what? Nan moman saa 
Si m' pat ayisyen now m' tap lwen 
Lè w ayisyen wa konprann ou menm 
Wap konprann kiyès ki blan yo 
Wap konprann se ou, se li, se mwen, se yo 
Tout moun yo kondane yo (Yeah) 
Ti nèg kap trayi nèg yo, Mèsi Blan 
Sè kap goumen ak sè yo, Mèsi Blan 
Wap jete fatra nan lari a m' di w, Mèsi Blan 
Wap kraze Ayiti map di w, Mèsi Blan 
Prolonje kontra MINISTAH yo, Mèsi Blan 
Voye zam pou m' goumen ak frè'm yo, Mèsi Blan
Kraze eleksyon m' diw, Mèsi Blan 
m' wè'w andeeeeeeeeeee (Wouywouyyy) 
[REFREN]









