[Verse 1] 
Sa k rive? 
Pinga w mande mwen sa k rive 
Pa konn kijan pou m eksplike 
Pouki lè m wè ou kè m kase? 
[Verse 2] 
Oubyen m ap fou, oubyen m ap dekouvri lanmou 
Pouki tout tan ou nan panse m? 
Pouki lè w gade m m bese je m? 
[Bridge] 
Lannwit tonbe, w anvayi rèv mwen 
Jou poko leve, non w nan bouch mwen 
Se ou m t ap chèche, se ou k mache nan san m 
Bondye, jou a rive 
Se ou m t ap tann 
[Verse 3] 
Men pa mande m, pinga w mande m pou m eksplike 
Se lanmou ki frape pòt mwen 
Mwen louvri ba li, m dil bwote m 
[Bridge] 
[Verse 3] 









