Lòd Nan Dezòd

Genre-Konpa
Year-2014
[Skit]
Ti mesye se mwen menm Nemours Jean Baptiste k'ap pale avè w.
Reveye nou
Li lè, li tan pou n met lòd nan dezòd

[Chorus]
Yon ti kabicha m'ap fè mwen reve
Mèt konpa a, chèf konpa a
Li vinn pale avè m, mine li mare
Li plenyen, li plenyen

[Verse]
Ak tout kè m, mwen te pèdi tout tan m pou m kreye konpa
Ah wi sa a s'on don
Sa fè m mal lè mwen gade kijan nou mete l tèt anba
Oh non sa pa bon
Tanpri, tanpri li lè pou tout gagòt fini
Fòk nou mete lòd - tout mizisyen, tout pwomotè
Si n pa mete lòd, nanm mwen pap janm an pè

[Chorus]
Yon ti kabicha m'ap fè mwen reve
Mèt konpa a, chèf konpa a
Li vinn pale avè m, mine li mare
Li plenyen, li plenyen

[Chorus ]
Nan djaz peyi a m’gen espwa
Djaz peyi a o o
Nan ou m’gen eswpa
Retire m nan sa
Retire m nan sa o o
Louvri je w
Leve (5x), vinn mete lòd

[Shabba]
Lè chat pa la, rat pran kay
Fanatik eske n pare - wi nou deja pare oooo
Rale sentiwon yo - OK
Mete l anlè - OK
Timoun pa jwe nan bab granmoun
Chaplèt, chaplèt, chaplèt
Si w pa respekte prensip
Chaplèt, chaplèt nan dada timoun dezòdone

[Keytar groove]
Ahny, a jenou...wach!
Alo Ti Paul Demesmin, yo di m pwazon pa vann nan bal
Voye achte yon boutèy pou mwen

Men sa n t’ap tann lan

[Chorus]
Woy woy woy, men Djakout la reveye
Woy woy woy nou vinn met lòd nan dezòd (Apa w’ap kouri)
Pandan n’ap dòmi nou tande lari bloke
Sa k nan mitan lari a, banm lari a blanch

Lè yo tande nou deklanche - woy, kè sote
Yo tande sou yo n’ap rive - se pa ti sote
Bri a kouri nou pran lari - way, vant bouyi
N’ap vini cho, tou cho - se pa ti bouyi (W’ap boule wi)

Woy woy woy, men Djakout la reveye
Woy woy woy nou vinn met lòd nan dezòd (An hani)
Pandan n’ap dòmi nou tande lari bloke ( Se li l ye)
Sa k nan mitan lari a, banm lari a blanch
Timoun dezòdone

[Keytar groove]
Wiiii
Regi mete lòd nan dezòd

[Horns]
Kensy Production
Ababadjanay
Grande Puissance lan
Bon kounya di m kiyès ki pa renmen konpa

[Shabba]
Dominicain renmen konpa
Jamaicain renmen konpa
Pou kiyès glwa a?
Pou Ayisyen l’ye
Martiniquais renmen konpa
Guadeloupean renmen konpa
Pou kiyès glwa a?
Pou Ayisyen l’ye
Ale wè, ale wè pou Ayisyen

Ou ka renmen salsa - ou pa ka renmen salsa pase konpa
Ou ka renmen ragga - ou pa ka renmen ragga pase konpa
Gen moun ki marye nan danse konpa - eya papa, eya papa
Moun bliye pwoblèm gras a konpa - eya papa, eya papa

Ou gen san konpa nan venn ou, pa ezite voye l monte
Voye l monte - ak de men nou (4x)
Voye l monte

[Keyboard groove]

[Chorus]
Mete lòd nan dezòd, o piyay la fini
Mete lòd nan dezòd, o gagòt la fini
Mete lòd nan dezòd, o piyay la fini
Mete lòd nan dezòd
Konpa sa a s’on konpa...Woy, gason pa kanpe

[Keyboard groove]
Ohhh....Woy, gason pa kanpe

Konpa se kinan w li ye, pa ezite voye l monte
Voye l monte - ak de men nou (4x)
Voye l monte

[Keyboard groove]
[Chorus - Mete lòd]
[Fade out - Shabba]
Join Our Haitian Lyrics Community & Earn Rewards!

Become a contributor and share your favorite lyrics

Not only will you get to contribute and connect with other music lovers, but every time you add lyrics, you earn points! celebrate the beauty of Haitian music while unlocking awesome benefits. The more you contribute, the more you earn! Don't miss out! Be part of a community where your love for music pays off!Join Wikimizik
hero

What's Wikimizik

WikiMizik explains Creole music songs. Konpa, zouk, kizomba, racine, kanaval. You name it.Jam to your favorite tunes. Share the lyrics and your interpretation of your favorite lines. Just click the line and add your explanation. It can be a couple of sentences, a picture, or a video. Or all three.Anyone can create an account. And anyone can comment on other explanations.We know what's gibberish to some is deep to others. Together we'll tell the hidden story in every lyric, slogan, and shoutout. It's simple...
  • 01Add Songs
  • 02Add Explanations
subsc
Help us move the culture forward

Artists, Share Your Lyrics and Celebrate Haitian Music Worldwide

WikiMizik is the go-to platform for exploring the rich diversity of Haitian music, including konpa, zouk, kizomba, racine, kanaval, and more. By sharing your lyrics on WikiMizik, you not only help preserve the essence of Haitian music but also make it easier for fans around the world to connect with your artistry. Adding your lyrics enriches the cultural archive and allows listeners to fully appreciate the depth and meaning behind your songs. Your participation helps showcase the beauty our music to a global audience while giving your work the recognition it deserves.There are two simple ways to share your lyrics with WikiMizik. First, you can create an account on our website and upload the lyrics yourself, ensuring they are accurately represented. This approach also allows you to engage directly with our community. Alternatively, if you prefer, you can send the lyrics to us via email at wikimizik@gmail.com, and our team will handle the rest. Join us in celebrating and preserving Haitian music by contributing your lyrics today!
hero